Poukisa w ap goumen avè m konsa la
Poukisa w ap boule k on dife bwa
Poukisa w plede pouse kòn
San w pa gen anyen avèk pèsonn
Poukisa w ap fè vyolans konsa
Ou gen dwa pale di sa ou vle
Se ka jan sa pou yo ba w pase
Ou pa bezwen aji san fwa ni lwa
There's room for everybody
Don't u try to fight with me
Poukisa w ap fè kout san san rezon
Ou paka pastè pou w ougan an menm tan
Poukisa rete w jis pouse kòn
San w pa gen anyen avèk personn
Poze w zanmi goumen an pa nesesè
Ou gen dwa pale di sa ou vle
Se ka jan sa pou yo ba w pasé
Gen moun ki pran w o serye
Ou pa bezwen aji san fwa ni lwa
There's room for everybody
Don't u try to fight with me
Nou tout tankou zòt se efò n ap fè
Nou toujou anlè menm bato a
Nou tout tankou zòt se efò n ap fè
Alo dwat, nou pap disparèt
Gen sa ki ta vle n boule kou on pay mayi
Mache di jwèt nou fini, n pa gen avni
Si n kouche dòmi epi nou pa leve
Depi n lage n ba yo rezon
Sa lèzòm di men se pa sa Bondye di
Yo mèt mare kat la 3/7 nou p ap dòmi ap bay kout tèt
Pafwa lè w lage se viktwa pou enemi
Zenglen depi w pa la, plas ou rete vid
Alo Eugene, Crazy Chicken
Pale pale pale pale, se dwa w ou ka pale
Sa w di jodi ka jije demen
Kijan w vle pou m entèprete ou k ap rele m brother
Oubyen se non m ou a vle site
Alo Hennessy, konpa sa a pa gen defisi
Passez à la caisse, forget the rest