Mèt kay la leve byen fache maten an
Sa l genyen pèsonn pa konnen
Chen jape ap pran kout pye
Tout sak sou wout li antrave
Li dèyè moun pou geri bosko l
Tout soti pou w gen limyè wouj
Mèt kay la leve byen fache maten an
Ti krik ti krak yon lwa ki pran l
Yon vye chanson depi m maten
Sa lap di pèsonn pa konnen
L ap tann on po kann ak tout foumi
L ap rele sou ti machann kap degaje
Ap di twotwa tounen mache
Bliye si se la li sot achte
Se la tout moun bese leve