O,oo, o, oo Gad'on sezisman
Kompa fèk gen 50 ans, l' poko menm chanje dan
O,oo, o, oo ti papa pale yo
Kompa just turned 50, figi l' pako gen pli
Fwa, ze, legim te 10 pou 5
You jèn gason k' rele Nemours
Kreye konpa nan you lakou
Lè sa pat ko gen anpil radio
Se pa premier fwa n' fè listwa
N'independant, n' premier pèp nwa
Men gras a Nemours n' f'on lòt exploit
Paske se li ki ba n' konpa
Chak jou ti nèg repete sa
Men yo pa janm konn vale sa
La valeur n'attend point le nombre des années
Compas fèk gen 50 ans, l' poko menm chanje dan
O, oo, o, oo ti papa pale yo
Compas just turned 50, figi l' pako gen pli
Ee, influence vin americain
Mini-jazz tonbe fè kenken
Anpil Orchestre te defile
Mizik sa ap twò long si m' pran site
Parmis lesquels te gen Loups Noirs
Ambassadeurs, Shleu-Shleu, Bossa
Magnum, Skah-Shah, Tabou Combo
Difficiles, Gypsies , D.P, Scorpio
Nou pap janm ka bliye Septan
Tropicana ak Frères Dejean
Si jodi a Nemours te en vie
Nou deja wè tout sa l' ta di
Il faut vraiment faire attention
Et il dirait surtout au gouvernement
Bon Richie, bagay yo ta wòch sou wòch, metal sou metal wi
You pakèt medam tulututu ap chanje slogan
Oh cailloux sur cailloux, bon m' chanje l
Bagay yo brik sou brik, Dabenz lage l
Mezanmii, 50 ans papa, demi siècle
Gen ti kesyon ki t'ap poze, oo
Kijan l fè poko janm rive
Tèt ansanm ki fè sa, se structure ki fè sa
Vann figi yo pou de gouden non, non, non
Encadrement ki fè sa, gouvènman ki fè sa
Monsieur le minister, sa w' te fè pou Nemours, Anyen non
Monsieur le gouverneur, sa w' te fè pou Sicot, Anyen non
Guy Durosier, Dadou, Ticot, Robert Martino, Anyen non
Dieudonné Larose, Schoubourt ap Manno, Anyen non
Kijan l fè poko janm moute
Tèt ansanm ki fè sa, se structure ki fè sa
Vann figi yo pou de gouden non, non, non
Encadrement ki fè sa, gouvènman ki fè sa
Monsieur le minister (Oh sorry), so w ko fè pou Douby, anyen non
So w' ko fè pou Arly ak Daniel Larivière, anyen non
Fabrice Rouzier, Tantan, Alan Cavé, Anyen non
Monsieur le gouverneur, sa w ko fè pou Richie, anyen non
Bon pwoblèm yo fin ekspoze la
Archilles Saint-Hillaire,
Ou mèt pote champagne la wi
M pa konn sa w' t'ap tande avan sa
Ni m' pa konn sa w pral tande aprè sa
Men la, se sa w'ap tande kounya la ki konpa
Put them up, put them up y'all
Yes yes y'all, pou konpa direk
Epi fò n' di Nemours mèsi
Pou tout nom nou pa site yo
Ti Manno, Coupé Cloué, et j'en passe
One love, One love, Respect y'all