Solèy la di fò l leve l douvanjou
Lalin nan di li sou pran plezi l toujou
Kòk yo fin chante limyè limen moun wè yo moun wè yo
Zetwal yo kite syèl la toutouni
Ou ka wè jan tete lavi blayi
Tout moun ap founi je pou jwi
Tan an make lanmou ak lamitye
Granmoun ap ri kòlèt debraye
Lannwit se kouri l kouri l al kache
Moun sou latè wè tout fouk syèl la
Yo kenbe Bondye k ap foure je gade
Depi w Louvre je w ou pa ka pa gade
Depi w Louvri je w ou pa ka pa gade
Granmoun ap ri kòlèt debraye
Lannwit se kouri l kouri l al kache
Moun sou latè wè tout fouk syèl la
Yo kenbe GOD la k ap vòlè je gade
Depi w Louvre je w ou pa ka pa gade
Depi w Louvri je w frè fò w founi je gade
De je tout moun anlè y ap gade
Solèy la leve sou pwent pye l panse l pral sove
Sou kabann lanmè pou wè jan yape fè foli
Se pi bèl moman w moun ta dwe jwi