M chwazi renmen w devan je tout mond lan
M chwazi avèw nan bon kou move moman
M son vagabon pa panse m pran w paskew se pi bon fanm
Men m vle viv avèw paske m santi m byen lè nou ansanm
M toujou diw nenpòt sitiyasyon fòk ou ret sensè avèm
M pap abandonew pou nenpòt bagay, se ou ki mèt afèm
Ou pansew pi aslè pasem wap jwe jwèt anba anba
Ou pranm pou gwosore ou pansem son bouda manba
M konnen wap twonpe m m just pa di anyen
M konnen w gen lòt moun sou mwen m chwazi pa plenyen
M pa chwazi kraze sa paske se ou sèl mwen genyen
Pandanw pranm pou mawozo, ou pa konn sa k renmen
Lè m ale wap regrèt, wap kriye tankou ti bebe
Wap anvi touye tèt ou, m pap menm okipe w
Lè sa map nan bra on lòt moun ou pral wè janm te enpòtan
E se lè sa w pral rann ou kont janm te konn fè kèw kontan
Wap relem m pap tounen, map di bye ak renmen, map sispann panse avew
Wap ekrim map blokew, map sispann panse, lè sa map rete kèw