Menmsi Manmanm grandim trè lwen menl toujou palem
Veye kote map met pyem poum pa pwonw so menn Sanm pa pare
Pa pèdi tanw fè palanpil vrè homme pa chita pale
Pakyè de sa yo di depi konsyans ou konn se pavre
Dejou an jou m wè map grandi realite a vin anfas
Sak pat konnen vin ap konnen liv lavi a m chanjel paj
Chak jou k'pase m konte laj vi a fèm vin gen plis raj
Gen sak konn panse yo marem san yo pa konnen m chanje kaj
Map Gad yon bann ensanse k'toujou pran pòz yo sansib
Real ak fake souvan sanble viv avèl sou konsyans li
Gonw Tèt kase k'tal pansel ka fèm fou l'pèdi bon sans li
Kitel siw wèl pa tande poul pa diw fèl pèdi chans li
Wap ret kenbe pouw pa echwe men nan fòse w ka pran echèk
Wap sezi wèw deux men nan Tèt
Ou sou kabann Wap pran remèd
Komanw santiw komanw ye menn kòmanw vibe
Eske konsyans ou rete stab
Aprèw fin trase plan poul Die menn
De Kay an kay ou fè tout moun fin wè anbal
Olyew pousel ou bal bourad
Ou pito mandel bay boudal menn
Anba Isi Anyen pa fè Kado
Sa Wap fè a ou jis bezwen kwè ladann
Sa map fè a m'dwe fèl bon sak fèm bay 100 100 mwen menm
Ou ka pa vle parye sou mwen menm pap loss nan kous la mwen menm
Gen sak di se vag poum bay
Poum pase se bay poum bay
M Travay di m fè night to night
Avanm gen pakou sa mwen menm
M fè respèm vin pi pridan
Menw pap janm wèm bese Tèt mwen lè gran pansel fin trò géant
Monde saw sipoze trè mefyan
Gonw bann ipokrit karesan
K' toujou pran pòz yo kanpavòw
Aprè se Yo'k pral kanpe dan sou ou
Pa janm rale fake enèji'k ka vin detèn sou ou
Aprèw fin tandem fonw clean up retire trèt sou ou
Wap viv yon vi kèw pa kontan paskew pa sispann viv pou moun
Gon jan m fè kèk egri Pantan lè machandiz lan vin soumoun
Lap viv pouli yap viv pouyo menw pap jwenn youn kap viv pou ou
Solution an se kwè nan ou kontinye viv e viv pou ou
Kontinye viv e viv pou ou
Kontinye viv e viv pou ou