LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Plas Ou

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Menm pòt ou pa fwape
An gran jan ou antre nan lavi mwen
Yon souri, yon ti je klere
Prèt pou fèm pèdi tèt mwen
Tout sa'm santi, mwen pa ka kache
Chak fwa'w prè'm, santi m' soulaje
Epa dat map viv san direksyon
Ou vini ba'm yon nouvo rezon
Menm lè mizik lan sispann
Ou rete ap jwe nanm mwen
Tankou yon nòt guitar sou po'm
fè'm wè yon lòt vèsyon de mwen
Ou pran pozisyon nan kè'm
Ou gentan fè rezidans
Mwen pa ka fè rezistans
Ou pran plas ou, ou pran plas ou
Lè ou pran men mwen dousman
Kò mwen vin tounen enstriman
Ou jwe'm ak tout santiman
Ou pran plas ou, ou pran plas ou
Mwen pa mande twòp nan lavi
Men ou fè'l vin pi dous
Chak fwa'w pase men'w sou mwen
Wa di se lanmou nan bwòs
Mwen pa bezwen paradi
Si ou bò kote mwen
Paske'w fèm jwenn lapè mwen
Nan ti je ou sèlman
Lè'w pale dous nan zòrèy mwen
Ou Fè menm mizik ralanti
Tout sa m' tande se rithm kè ou
K'ap melanje ak kè mwen
Ou pran pozisyon nan kè'm
Ou gentan fè rezidans
Mwen pa ka fè rezistans
Ou pran plas ou, ou pran plas ou
Lè ou pran men mwen dousman
Kò mwen vin tounen enstriman
Ou jwe'm ak tout santiman
Ou pran plas ou, ou pran plas ou
Oh, oh, oh
Pa kouri kite'm non
Rete dousman bò kote'm
Si'm se solèy
Ou se lalin mwen
Nou diferan
Men'n mache ansanm
Ou klere fènwa'm
Mwen chofe santiman'w
Ou pran pozisyon nan kè'm
Ou vin tounen lakay mwen
Mwen pap janm lage men ou
Ou nan plas ou…
Vini vin gate mwen

WRITERS

Davidson Dorcelus

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Enjoyment

Sentiment
Thumbsup IconThumbsup IconThumbsup Icon
Theme

Abuse and Violence