San yon moun bò kote ou ki chaje lanmou pou ou
Ka fè ou chagren jiskaske ou fou
Nan lavi a dè fwa ou konn pran move kou
Ki bay laperèz ki konn fè ou menm kesyone
Eske lanmou egziste toujou
Sa konn chanje fason ke ou mache
E sa konn fè ou chanje fason w panse
Sa konn pran apeti'w fè ou pa ka manje
Priye Bondye pou li vin delivre'w
E se tout tan m tande yap di gason pa gen santiman
Ebyen nan ka sa m'deja pa gason
E m'chagren met dèyèl ankò
E m'chagren met dèyè ankò
Mwen pè damou, damou, damou, damou
E m'chagren met dèyèl ankò
E m'chagren met dèyèl ankò
E m'chagren met dèyèl ankò