LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Lakay

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Dèfwa kè m leve lwen
Men lespri m toujou la
Nan jwèt mab, nan vwa timoun kap chante
Nan solèy, Nan bon van k'ap monte kap

Mwen sonje machann pate
Machann kawòl nan lari
Kan'n kale dous ki byen sikre
San wete nèg kap jwe boul nan lari

Pa g'en kote ki sanble
Avèk jan lakay te ye
Menm lè mwen lwen
Lakay toujou nan kè mwen

Lakay... lakay
Mwen sonje w chak maten
Sant kafe k'ap leve
Lè solèy fèk parèt

Lakay... lakay
Mwen sonje tout ti bagay
Kenèp, siwèl, mango fransik
Mango kòn, machann fritay

Mwen sonje vwa mache a
Ti pale, ti blag dous
Chak figi te gon istwa
Chak vwa zen te renmen bay

Mango mi sou tab
Ti Ji ki kole sou bab
Chak ti machann te toujou gen bon pikliz
Soti sou boulva rive dèyè legliz

Menm lè lavi mennen m lwen
Kè m pa janm deplase
Tout sa'm ye jodi a te ne lakay
Se la tout vim te kòmanse

Lakay... lakay
Mwen sonje jou senp yo
Grèp Kenèp nan sachè
Sou ri vwazen'm yo

Lakay... lakay
Pa g'en ranplasman pou sa
Kèlkeswa kote m pase
Se lakay k'ap rele m

Se lakay k'ap rele m
Se lakay k'ap rele m

Machann pate
Machann kawòl
Kan'n kale dous
Siwèl
Kenèp
Mango fransik... mango kòn

Sant kafe nan maten
Mwen sonje lakay

Lakay... lakay
Menm de lwen, m'pa bliye ou
Nan tout sa m ap viv
Kèw bat nan mwen toujou

WRITERS

Davidson Dorcelus, Volume Dous

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Sadness

Sentiment
Thumbsup IconThumbsup Icon
Theme

None