LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Konsekans

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Y'ap ba'w bèl dan lè yo wè'w
Men y'ap pale'w mal lè'w vire do'w
Moun kap bay akolad lè yo wè'w
Se menm yo menm kap chire do'w
Ou pa nan afè moun
Wap viv lavi'w tou senp
Men se nan absans ou
Yo sou dow tankou lent
Sa w simen, se sa w rekòlte
Pa gen wout kout nan lavi
Lè verite pran tan li
Wè pa wè lap toujou rive
Gen konsekans
Pou chak pawòl, chak zak
Sa w fè an silans
Gen poul sonnen byen fò
Gen konsekans
Pa gen manti ki dire
Lè w frape inosan
Se lavi kap fè w peye
Pa sal non w pou bri
Pa vann tèt ou pou briy
Valè w pa janm pèdi
Li jis pran tan li
Gen konsekans
Pou chak fo souri
Sa w di an kachèt
Gen pou pran lari
Gen konsekans
Lè w vyole konfyans
W' pa sèlman pèdi moun
Ou pèdi chans ou tou
Gen konsekans
Pou chak fo souri
Sa w di an kachèt
Gen pou pran lari
Gen konsekans
Lè w vyole konfyans
W' pa sèlman pèdi moun
Ou pèdi chans ou tou
Èske'w bezwen di on mo?
Kite konsekans pale
W' gen pou' w monte mòn pa do
Lè konsekans ap kale w
Gen konsekans
Pa bezwen tire revanj
Lavi ap pote w sekou
Konsekans pa janm nan vakans
Gen konsekans
Lavi pa nan patipri
Li bay sèlman a merite
Mache dwat epi pa peri

WRITERS

Davidson Dorcelus, Volume Dous

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Sadness

Sentiment
Thumbsup Icon
Theme

None