LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Banm Chèz

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Mwen antre, tout moun ap pale
Chak bouch gen vèsyon pa li
Yonn di "se li", lòt la di "se pa li"
Oh oh, sanble verite a pèdi

WhatsApp ap fè bwi san rete
Facebook deja gen opinyon
Mwen menm, mwen poko konprann
Men tout moun gentan fè konklizyon

Yap pale fò, yap pale vit
Yo menm bliye pran souf
Mwen leve men m, mwen di:
Tanpri... banm f'on ti pale

Banm chèz... banm chèz
Istwa sa twò long pou m kanpe
Si pou'm eksplike'w istwa sa
Kwè mwen, map bezwen chita

Banm chèz... banm chèz
Paske tout bagay melanje
Si w tande sèlman mwatye istwa a
Se mansonj w'ap fè

Yonn ap di li te wè ak je l
Lòt la di se kouzen l ki di l
Gon moun ki pa t menm la ditou
Men se li menm k'ap pale plis

Chak minit gen nouvo detay
Istwa a vin pi long
Mwen gade mont mwen
Mwen di: "gad on epizòd."

Si w koute sa yo vle'w koute
Ou ka fou fasil
Mwen di: "Rete trankil
Ban mwen de minit."

Banm chèz... banm chèz
Tout moun pran on poz kounya
Bri kouri pa vle di verite
Li jis fè lè choz pi grav

Banm chèz... banm chèz
Anvan n kouri fè konklizyon
Pa fè istwa moun
Tounnen maggi nan pwa

Ki moun ki diw bagay sa?
...ah bon

Banm chèz... banm chèz
Nou tout renmen pale
Men verite pran tan
Li pa rele fò

Banm chèz... banm chèz
Anvan w kouri repete
Chèche verite
Paske lavi pa WhatsApp

WRITERS

Davidson Dorcelus, Volume Dous

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Enjoyment

Sentiment
Thumbsup Icon
Theme

Abuse and Violence