Ou pa mande m pou m vin yon lòt moun
Mèsi la nati pou yon lò tankou w
Lè m ta vle tris ou banm sipò
Ou fè m ap viv yon lanmou ki fò
Jan w konplete m lan vo plis ke lò
M ap fè soprano w ap fè tenò
E w adapte w avè m trè byen
Mwen renmen jan w renmen m
Se tankou yon veso ou plen m
E w adapte w avè m trè byen
Mwen renmen jan w renmen m
Se tankou yon veso ou plen m
Nan ou mwen met tout konfyans
Nan mitan nou gen tolerans
Ou konn lè m bezwen distans
Tout ti detay sa yo ki bay lanmou n sans
Se avè w m te fè gran so a
Tankou likid ou pran fòm po a
E se oumenm ki metrès bò a
M santi w rantre nan lavi m twò ta
E w adapte w avè m trè byen
Mwen renmen jan w renmen m
Se tankou yon veso ou plen m
E w adapte w avè m trè byen
Mwen renmen jan w renmen m
Se tankou yon veso ou plen m