Sa k pi difisil nan ripti yo
Se jan n pral gen pou n viv ak souvni yo
Dlo k ap soti nan je w tankou tiyo
Lè w te bay tout oumenm se kou k tiye w
Ou p ap janm ka bliye bèl souri yo
Ni w pa ka bliye abitid yo
W ap balanse ant anvi viv, oubyen fini l
Paske w ap g on doulè e ki pa janm vle fini
Souvni yo toujou ap fè m plonje
Souri w yo ret plake nan panse m
Tout ti mo w yo m ap plede sonje
E koutim yo ret la mwen pa ka chanje
Alkòl vin tounen pi bon terapi m
E Souvni yo vin rann memwa m gri
Dèfwa m konn wont lè m ap gad eta vi m
Men m maske sa, devan lòt ou wè m ap ri
M ap souri deyò ak anndanm brize
Menm si m pa fòse l lè m sonje w m kriye
Souvni yo kenbe m chak fwa m vle ale
Yo ret plake la, sa koz m pa ka bliye w
Souvni yo toujou ap fè m plonje
Souri w yo ret plake nan panse m
Tout ti mo w yo m ap plede sonje
E koutim yo ret la mwen pa ka chanje
Souvni yo toujou ap fè m plonje
Souri w yo ret plake nan panse m
Tout ti mo w yo m ap plede sonje
E koutim yo ret la mwen pa ka chanje
Souvni yo toujou ap fè m plonje
Souri w yo ret plake nan panse m
Tout ti mo w yo m ap plede sonje
E koutim yo ret la mwen pa ka chanje