LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Belye

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
M te konn risk la
Men m te chwazi l
M pa konn renmen a demi
Lè m bay kè m, m bay li ak resi
Malgre m te wè plizyè siy
M te fèmen je m paske kè m te chwazi w
M te vle w plis pase tèt pa m
Se t on sakrifis, e se te chwa m
M te menm kite w pile tout dwa m
Jis paske m te kwè nan lanmou sa
Tankou belye, m te fonse san reflechi
Lanmou frape m, m te fè erè bay li ak kredi
Kounya m blese, nan bliye tèt pa m pou fè w plezi
Mèsi kanmèm, se yon leson m aprann de li
Tankou belye, m te fonse san reflechi
Lanmou frape m, m te fè erè bay li ak kredi
Kounya m blese, nan bliye tèt pa m pou fè w plezi
Mèsi kanmèm, se yon leson m aprann de li
M ta renmen tounen nan tan
Pou m te korije kèk aksyon m
Pou m te chwazi tèt pa m avan
Byen ranje kè m pou m te pi djanm
Ak tout kè m vle bliye w
Ak yon kè chire ki maltrete
M deside lache m reziye m
Pou tout sa w fè m vle bliye w
Tankou belye, m te fonse san reflechi
Lanmou frape m, m te fè erè bay li ak kredi
Kounya m blese, nan bliye tèt pa m pou fè w plezi
Mèsi kanmèm, se yon leson m aprann de li
M p ap chanje fason m ye
Men kounya m pral veye kè m
M konnen klèman m merite mye
M ap avanse ak tout regrè m
Tankou belye, m te fonse san reflechi
Lanmou frape m, m te fè erè bay li ak kredi
Kounya m blese, nan bliye tèt pa m pou fè w plezi
Mèsi kanmèm, se yon leson m aprann de li

WRITERS

Joseph Saint Louis

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Sadness

Sentiment
Thumbsup IconThumbsup Icon
Theme

Abuse and Violence