Pou se ou sèlman k' kontan
Moun k'avèw la chak jou dlo nan jel
Moun k'avèw la chak jou lap kriye
Ou jwenn tout saw tap chèche
Se rèv ou k' reyalize e e
Men li s'on kalvè lap monte
Paske rèv li yon lòt kote
Fòw gen kouraj pouw di li
Cheri ou mèt pran pakèt ou al yon lòt kote
Siw renmenl tranpri di ii li
Cheri ou mèt pran pakèt ou wal yon lòt kote
Lèw avèl ou santiw konble
Mache prezantel tout kote
Men pou li ou se pi gwo fado
Lap soufri ou menm wap rejwi
Fòw gen kouraj pouw di li
Cheri ou mèt pran pakèt ou al yon lòt kote
Siw renmenl tranpri di ii li
Cheri ou mèt pran pakèt ou wal yon lòt kote
Si w vle re wèl kap souri
Ou konn son ka ki metel la
Ou pap janm rive gen kè èèè l
Lage pye l lage pye l non
Lage pye l lage pye l non
Lage pye l lage pye l non
Lage pye l lage pye l non
Paske se sa kap bon pou ou
Gadon konpa janm nan janm
Se pa tout fwa renmen l vle di fòk ou viv avè l
Se rete w rete kanpe lwen l
Se pa tout fwa w renmen l
Se yon kesyon m poze ! non m pat sou jijew
Si li deranje w tanpri eskize m
Ti konsèy m tap baw non m pat sou jijew
Si li deranjew tanpri eskize mwen wi
Se pa tout fwa renmenl vle di fòk ou viv avèl
Se rete w rete kanpe lwen l
Se pa tout fwa w renmen l