Pandan w toujou prè pou'w bay vag
Just pouw lage'm nan mitan chimen
Just pou w lage'm nan mitan chimen
Èskew konnen ou gen yon destine?
Èskew konnen destine sa te gentan ekri avan menm kew te fèt?
David di ou konnenm depim nan vant manmanm
Lèm te yon ti boul tou piti
Tout joum yo te ekri nan pla menw
San yo pot ko janm egziste
David te chwazi pou li vin wa an Izrayèl
Sa pat anpeche'l te konnen tout kalite soufrans ak pèsekisyon
Jiskaske li te rantre nan destine'l
Bon Dieu kreyew ak anpil talan
satan ap chache pou dejwew
Pou fè gro rèv ou yo pa reyalize
Sa Bon Dieu vie pouw ye a wap sa kanmèm
Kwè nan Bon Dieu kwè nan rèv ou
Li fikse yon jou pouw fini ak soufrans ou
Wè pa wè map rantre nan destinem