LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Sèl Lanmou Kap rete

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Si jodi a vizaj ou se premye
Limyè mwen wè lè m leve maten
Si jodi a vizaj ou se dènye
Bèl figi mwen wè avan m dòmi
Mwen kwè vrèman ak tout kè m
Se sèl lanmou k ap rete

Nan lakou Lycée Ench lan Yon aprè
Midi ki te chaje ak enèji
Yon zanj nwa Ki te pèdi limyè li
Vin tonbe anba limyè je mwen
Prezans li te pran tout sans mwen
San reziste mwen obeyi fòs sa
Bouch mwen pran pale lang pal
Ak Mo ki touche sansiblite li

Se konsa tout bagay te kòmanse
Mwen devwale l tout sa ki te nan kè m
Men Li Pat vle tande kri kè m
Malgre sa
Lanmou nou te deja Ekri nan gran liv Desten an

Li te dakò fè vwayaj lanmou sa
Nou t Ap viv tankou de ti pijon
Youn pa t ka Manke lòt
Tout vil la te konn pale de Nou
Nou te tounen yon modèl pou Anpil
Se lè sa paran antre bouch nan zafè nou
San reflechi yo fè sèman pou kraze Lanmou sa

Nou te reziste
Anba baton ak presyon
Nou te reziste
Pou yo pa te separe nou
Nou te reziste
Anba vyolans ak jouman
Paske lanmou pa t janm lage Men nou

Men yon jou fòs yo te pi fò pase feblès Nou
Yo pouse chak moun pran yon chemen
Ki te chaje ak dezespwa ak desepsyon
Malgre tout move tan sa Yo
Nou te toujou viv nan kè youn lòt
Nou toude t ap viv ak yon moun
Kè nou pat Janm chwazi
Sa te fè n pèdi espwa reyini ankò

Nou te reziste
Anba baton ak presyon
Nou te reziste
Pou yo pa t separe nou
Nou te reziste
Anba vyolans ak jouman
Paske lanmou pa t janm lage Men nou

Ane pase cheve blanchi men
Lanmou pa t janm fin mouri
Yon jou desten louvri pòt li ankò
Li fè de chemen nou kwaze
Nou gade youn lòt san pale
Men kè nou te deja rekonèt yonn lòt
Lanmou triyonfe apre tout kè kase

Jodi a n ap fete paske
Premye moun mwen wè
Chak maten se ou
Dènye moun mwen wè
Avan m dòmi se ou
Pinga Pèsonn janm tante
Separe sa linivè te ini

Si jodi a vizaj ou se premye limyè
Mwen wè lè m leve maten
Si jodi a vizaj ou se dènye
Bèl figi mwen wè avan m dòmi
Mwen kwè vrèman ak tout kè m
Se sèl lanmou k ap rete
Se Sèl lanmou K ap rete

WRITERS

Pushkini Pushkini

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Enjoyment

Sentiment
Thumbsup IconThumbsup Icon
Theme

Abuse and Violence