Papa kounye a m konprann...
Gen doulè timoun pa konprann
Papa se kounye a m konprann
Lè w konn kouri pote kòb manje
Papa se kounye mwen wè se te
Pwoblèm ki te fè w ap fimen an
Pandan kè w t ap fann an silans
Sigarèt nan bouch, men nan machwè
Nan maten bonè olye de yon tas kafé
Tèt ap sekwe, bouch ap bat san rete
Leve tèt gade mwen, zye kaye dlo
Se kounye m konprann papa se lekòl ki ta pral ouvè
Men ou pat janm kite m wè mizè w
Ou te konn vire do pou w kriye
Lè w tap gade m ak dlo nan je w
Lè m te mande w sa w genyen
Se kounye m konprann papa
Se paske w te wè sa k ta pral rive m
Pou jan la vi te gen tan fatige w
Men ou te vle sove m toujou
Papa se kounye a m konprann
Lè w konn kouri pote kòb manje
Papa se kounye mwen wè se te
Pwoblèm ki te fè w ap fimen an
Nou chita ap pale je m nan je w
Dezobeyisan, nayif, epi konfyan
M ap poze w kestyon ak fyète
Al benyen nan rivyè chak dimanch
Men w sou zepòl mwen ban m fòs
Chak pawòl ou te ban m espwa
M te kwè papa pa janm ale
M te kwè tan pap janm pran w
Jodi a kay la vid san vwa w
Silans lan ap touye m chak swa
Lè w tap gade m ak dlo nan je w
Lè m te mande w sa w genyen
Se kounye m konprann papa
Se paske w te wè sa k ta pral rive m
Si m ta gen yon chans pale ak ou ankò papa
Ki jan w te konn fè lè lavi t ap maltrete w
Lè lanmou ak lajan te ba w do
Papa mwen, m tap kenbe w fò
Pou tout fwa m pat konprann ou
Pou tout fwa m kite w pote kwa a pou kont ou
Pou n al fè yon ti benyen
M ta renmen wè w ankò papa
Pou n al fè yon ti benyen