M pa fè w anyen, m pa blese w
M jis repran la vi m nan men w
Ou pat ka jere li, se fè eskandal
Asyèt, yon kiyè, yon gode
Van la vi tap soufle tou dou
Yon gode dlo, yon gode kafe
Yon sigarèt, yon kaye, yon plim
Yon jenou atè fas o Soley
Ou antre ou vle chanje tou
Pou fè w plezi m viv pou ou
Map soufri pou m fè w plezi
Ou pran libète m ki te trezò m
Ou ekate m de zanmi fanmi
Ou fem bouke m selman ale
M pa fè w anyen, m pa blese w
M jis repran la vi m nan men w
Ou pat ka jere li, se fè eskandal
Mwen pran yon guitar, yon kaye
Yon plim, yon siga, yon boutey
Map repran gou la vi ak libète
M pa fè w anyen, m pa blese w
M jis repran la vi m nan men w
Map viv la vi mwen san traka
M pat konnen ki sa sa te ye
Ki jan yo rele sa w tap bay la sel sa m konnen li pat