LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

M bezwen yon moun

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Mademwazèl, de mo tanpri
Mwen toujou wè w pase isi
M t ap tann yon jou pou m di w
Ou gen figi fanm lavi m te bezwen an

Eskize m si sa siprann ou
Nan laj mwen rive la a
M pa nan jwèt ankò
M pa nan fè kè moun mal ankò

M bezwen yon moun serye
Pou mete limyè nan vi m
Yon moun pou ban m kalm
Yon moun pou fè kè m respire ankò

Yon moun
Ki pou konprann mwen
Yon moun
Ki pap twonpe m ak zanmi m
Yon moun
Pou m remèt li kè mwen
Yon moun
Ki pap kraze rès rèv mwen

Yon moun
Pou mache dousman avè m
Yon moun
Pou respekte non mwen
Yon moun
Pou n viv nan lapè ansanm
San manti, san trayizon





Chaje maladi deyò a, cheri
Kap tann moun nan laj mwen
M pa vle viv ak tristès
Ni fè sik ak tansyon touye m dousman

M santi ou konprann lavi
Paske ou gen bon levasyon
Ou pale ak respè
Ou gen sajès nan refleksyon w

M vle remèt ou
Ti rès tan ki rete pou mwen an
Pou n viv li nan dousè
Nan lapè ak respè ansanm



Pa enkyete w, m pa mande w
Pou renmen m touswit
Yon ti chans sèlman
Yon ti volonte nan kè w

E si ou di wi
M ap aprann tout sa
Bon jènjan konn fè pou fanm yo renmen

M ap prepare dejene w
M ap ouvri pòt machin ou
M ap fè w santi w espesyal
Chak fwa m gade w

M ap mete flè nan cheve w
M ap fè w konpliman
Ki mache ak bote w ak valè w

Paske sèl sa m bezwen vre
Se lapè nan kay mwen
Respè nan relasyon mwen
Ak yon fanm pou renmen san enterè



Yon moun
Pou veye kè mwen
Yon moun
Pou kenbe men mwen
Yon moun
Pou n vye granmoun ansanm
San nou pa janm lage youn lòt

Yon moun...
Ki ka fè dènye chapit lavi m
Tounen pi bèl istwa lanmou mwen...

WRITERS

Pushkini Jb

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Enjoyment

Sentiment
Thumbsup IconThumbsup Icon
Theme

Abuse and Violence