Si w pale yon fason diferan
Lòt la difisil pou konprann
Si w mache yon ti jan chèlbè
Menm lè w ap lite chak jou
Pou w kenbe tèt ou dwat toujou
Ou pa nan zen ak pyès moun
Men yo fè w pase pou koupab
Menm lè w pa fè anyen mal
Ou vle pitit ou byen leve
Li travay lekòl pou fè w fyè
Men pinga w montre lajwa w
Fòk ou kache rèv ou genyen
Ou fè silans pou pa gen pwoblèm
Se la yo fè w pase pou pi gwo koupab
Menm lè w konnen ou gen rezon
Paske fòs pa toujou nan pale
Gen fòs ki nan silans tou
Mèsi Jezi ahahaha wouyyyy
Padon si w konprann mwen mal