Heyyyy!!! Ayisyen kote nou, leve vini nou al fè listwa ankò, Grenadye yo bezwen sipò nou.
Swasantkatòz nou te toup pou yo
2 mil vensis Grenadye a laso
Nou gen Kay Bilolo ak lot yo
Nou ka refè sermoni an ankò
Se nan koupe tèt boule kay
Kapwa te di boulèt se pousyè
Plasid pral di kout tèt manès
Zanzèt yo te goumen sou champ batay
Grenadye pral goumen sou champ de jeu
An nou rele espri yo pou kore yo
Se nan koupe tèt boule kay
Se nan koupe tèt boule kay
Kapwa te di boulèt se pousyè
Plasid pral di kout tèt manès
Zanzèt yo te goumen sou champ batay
Grenadye pral goumen sou champ de jeu
An nou rele espri yo pou kore yo