Gen joum leve se boutèl la ki sèl option
Mta kriye menm konnenl pap pot solution
Mchita nan yon kwen kas nan zòrèy poum evadem
Atis la rakonte istwam sanm pa mande
Lavim bay aparans yon cinéma
Men lèw antre se émotion m kap fè théâtre
Mpa gen tan pou jwe deux wol mpa gen tan pou lanmou
Dayè mpa menm kwè nan nou hum
Konprann map fè fas a yon trauma moun isit se sen toma
Se lè yo wè kòd la nan kouw lè sa yo te konprann ou
Pou yo ou te pi bon moun pouki ou pat explike?
Pouki ou pat vle livrew o oui sa pat dwe rivew
Tout zòrèy prêt pou tandew lèw paka pale
E yo tout la pou defann lèw paka tande
Anpil nan yo pase tout vie yo ap jijew
Vlew mache dwat pandan yo menm son labyrinthe
Chak lè wap fè effort pou penn yo kanpe en piccaso
Sa wap fè a pa bon mte ka fèl pi byen
Yo la pou traumatisé w yo la pou diss yo la pou dat
Yo la pou diw epa tanndat wap fè mizik
Ou pa fè hit poukiw pa abandonné?
Abandonné yo la pou diw ou te dwe pèsevere
Viv lavi a selon mwen menm tant pis si sa deranje
Sa deranje lèm nan program map jwi lavim
Sa deranje lèm ret pou kòm kèm sans abris
Yo se jwè yo se abit yo kanpe an fifa
Siksèm pa depann de nou nou mèt metem hors jeu
So sa pa deranjem viv lavi a selon mwen menm
Sa deranjem mande prete sa deranje map fè kòb
Sa deranje lèm bwè alcool sa deranje lèm ret sobre
Sa deranje mpa gen bann sa deranje mfè twòp tan
Nan yon société a l'envers pap janm ka gen kè kontan
Bon jwè ap toujou sou ban toujou jwenn vye dirijan
Mpa vin la pou fè bèl vwa mpa vin pou fè moral
Anpil nan nou malade nan gòj pandann se sèl chèf koral
Nou toujou prè poun kòmante au détriment de l'autre
Sak fè lanmou pati kite nou pou grenn like
Like e kòmanw te vle poum aji anba tout peine sa yo
Mwen map viv pou monde sa men monde sa pap viv pou mwen
Yap lonje men gauche bay men dwat la ap fè foto
Ou pa pran nan poto se fanm lanw pa rekonèt
Limenna d'aujourd'hui menm nan foto yo pa onèt non non
Yap lonje men gauche bay men dwat la ap fè foto
Ou pa pran nan poto se fanm lanw pa rekonèt
Limenna d'aujourd'hui menm nan foto yo pa onèt non non
Atis la kontinye rakonte sa map viv yo
Li pale de doulè manmanm de tromatis yo
De echèk mpran nan lanmou de kè brizem yo
Mtanvi fon mea culpa paskem santim koupab
Dèfwaw konn santi yo brizew poutanw pat janm antye
Mson nanm ki pa solide kap animé yon corps
Mpap janm palew de problèm mwen pou pa jijem ankò
Hier soir ankò yon nwit blanche kou cocaïne
Èskel normal pou chak jou mdormi nan demain
Mwen ak sommeil nou tankou moun ki nan goumen
A deux zè du matin atis la akouche yon zèv
A deux zè du matin zèv li yo ki kenbew en vie
A deux zè du matin ou edel réalisé rêve li
Dè fwa map panse eskè moso moun sa ka parent
Koz mkay parent m e map soufri yo pa rann yo kont
Konbyen fwa mpa pran malonèt malgré sa msoti wont
Sensibilité a frajil bon lè nan move mont
Yon monde plen hypocrisie jalousie
Lap tronpew menl pa vlew fè pareil
Asasen fè pi gwo rèl map souri men kèm en deuil
Padone poum avanse menm stil toujou brize
Psychologue lan tellement triste mtounen psychologue
Mrekonèt mfè mal em son moun malade
Map voye je sou corps a malgré nanm mwen san nanm