Ou se tout sa k fè m ap viv
M paka rete lwen ou cheri
San ou mwen santi yon gwo vid
Ou se byen k pi presye pou mwen
Ou se byen k pi presye pou mwen
Mwen vle renmen w jouk mwen mouri
Se sèl konviksyon mwen genyen
Mwen prè pou mwen abandone m
kite m montre w kijan m renmen
Ou se byen k pi presye pou mwen
Ou konnen kijan kè mwen piti
Tanpri souple pa fè m soufri
Se ou mwen vle nan vi m toujou
Mwen vle rete nan bra w doudou
N ap ret soude youn ak lòt
Ou se byen k pi presye pou mwen