Freedom freedom freedom freedom
Freedom freedom freedom freedom
Nou soti ganha Guine congo ak anpil lot peyi an afrik
Yo pile dwa nou yo pran tout fos nou yo vann tout sa nou ye
Minoten sekestren anbake nou sou po gore
Sou kondisyon nou pa met tet nou
San konsantman nou san volonte nou
Nou detache nou de rasin nou oo
Dispese nou ak fanmi nou elwanye de kilti nou
Nan bato n sou dlo esklav nou ye royo royoyy
Freedom freedom freedom freedom
We call freedom freedom nou rele libete
Freedom freedom freedom freedom se manman libete nou ye
Presizeman nan karayib la
Sou zile te dayiti yap maltreten yap imilyen
Anpil kout rigwaz kout fret kach kousoukou sou do n
Devan met yo n bese tet ate e poutan nou pap domi non
Lespri n toujou rete an vi e nap fe plan nap fe konplo
Devan yo nap pale daki jou a rive poun kleyonnen
Sonnen lanbi poun rasanble
Rebel yo kanpe wi nou revolte
Nou goumen nou libere woyoyyy
Freedom freedom freedom freedom
We call freedom freedom nou rele libete
Freedom freedom freedom freedom se manman libete nou ye
Eeeeyawelele eyawelele welele welele welele
Se pat janm yon kado yo te fen
Anpil fanm kou gason te tonbe
Anpil san zanset nou yo koule
Yon desizyon ki kouten anpil vi
Grenadye alaso sa ki mouri zafe yayoyoy
ki fen pote tit premye pep nwa
Ki libere ki louvri je anpil lot pep sou planet la
Ak anpil fos nou kreye nasyon ayisyen nan
Nan tet ansan nou pi fo wi nou libere
Freedom freedom freedom freedom
Freedom freedom freedom freedom
Freedom freedom freedom freedom