LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Underground (Degi)

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Nan tèt mwen m g on milyon mo
Yo youn ap mache sou lòt
M ap chèche kanalize m
Sou yon pòte, m ap mache sou nòt
Mizik, se sèl sa k banm asiz
Pou m danse sou lòd sosyal yo
M s on finanbil, m ap emèveye n
Avan n pann mwen ak kòd moral yo
Mwen m pa bezwen vante tèt
Yo pa konn soufle sou boukan
M pa p nan trivyalite
E menmsi sa fè kèk emcee douvan
Mwen m pito kenbe djougan, lavi ap frape ap ankese
M underground, men lè pou m fè n peye a, m ap ankese
M pa on goat, m se rookie hip-hop t ap tann nan
M ap penn lavi m, fuck sa k t ap di m rap sa pa p vann nan
Atizay lan timeless, m lwen tout lojik konsimeris
M lwen matris yo a, yo analize m se kòmsi m t on risk
M pa modèl rapè k ap klewonnen m fò chak lè m pale
Tankou frè m, m viv tèt mwen tankou on militan k ap rape
Se pa mwen k dezòd, se lòd diskou m yo k kont lòd etabli
Si gen pou youn gen pou tout, sa se prensip lavi m
Regrè m se te kwè sa m tande
Nan yon sèl vèsyon istwa k rakonte
Malè m se t ap krache sou on frè lontan m te ka konte
Kouri deyè glwa s on bagay ki pa t janm nan tèt mwen
Kouwòn y ap goumen pou li a s on bag ki te nan dwèt mwen
Se pa menm flow
Se pa menm rim, se pa menm skillz yo
M rap rèd, san autotune, m pa emcee studio
M krache dife sou trak, se paske lavi m s on lanfè
M soulaje kè m sou sèn, mwen paradi m s on konsè
M pran konsèy, men m kanmèm suiv tout sa m te prevwa
Chak yo di m pa tandans, m reponn tandans pa pouvwa
Lajan paka vo kilti a, met tout bagay nan plas yo
Sinon n kase elan revandikasyon batay mas yo
Nou pa p wè endistri an menmjan se paske n pa nan menm plas
Nou pa p rape menmjan, nou pa t janm t ap defann menm klas
Pa gen rap san pozisyon nigga, epa kamasutra
Nou manje tèt kana a, men kounya se fatra k sou tab
Donk, finalman m rete lwen n
M jwenn refij mwen n on abis
M te defini liy mwen, m pa la pou m satisfè kapris
Atè a pyeje, game yo a chaje ak vis
M vin an emcee kote y ap chache aktris
Notoryete isit egal ak kalite traklis
Lespri Marc Dorcel fè tèt li pase pou gwo atis
Konsomasyon masif pa itil si se tèt nou n ap bif
Mwen m ka pa fè gwo chif
Men m pap rap pou plezi chèf
M vle pwovoke revèy la
M pa p atache m ak on Rolex
M sal paj, kriye nan bouf
M ap krache zo tèks
M vini m chanje anbyans
M mete sa k koute an trans
Street boom-bap sèl tandans
On lis sakrifis m pa p bay chans
M fè sa ak elegans
M s on emcee ak elokans
Teknik lan rijid, pa vin eseye m nan diss track
M pap goumen pou m an avans
Koute m w ap wè sa fè sans
Pou m eksede ekselans lan mw soti on EP dis trak, nigga
Fuck tha shit

WRITERS

Sylvester Marius

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Anger

Sentiment
Thumbsup IconThumbsdown Icon
Theme

Race and ethnicity