LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Pwomès (feat. Zikiki)

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Alabaz se t on senp mesaj sou IG, san twòp enterè
Nou pa t konn si gen etap nan lavi n nou ta pral antere
Sou wout zanmitay la nou vin jwenn yon lòt itinerè
M kòmanse rape sa, e m ap raple m se kòmsi se te yè
Nan premye echanj yo m te etranj m te wè m tonbe n on lòt inivè
M bliye lide revanj, m kwaz on zanj
Se ou k banm ti limyè
Tout bagay nouvo, men w tankou on moun m te toujou konnen
Mande m kòman m pa konnen
Tout siy yo alinyen, n makonnen
Premye soti m santi n match
Madam dekonplekse
Manje nan street diskite match
Se la m tou di nou konekte
Ou vin kavalye m menm nan lapèn, menm nan kastèt yo
Ou kwè nan mwen, nan talan m
M sonje premye konsè n Cinémathèque
Ou se lanmou lavi m, sa rezone tank on eko
Pou ou m pa gen sekrè, rega w kalme tansyon ego m
Lanmou pa gen anyen k rasyonèl
Sof lè se ou ki gen rezon
Kè m sispann bat pou l pran tranble
M vle di w mèsi pou chak leson
M anbrase tout konpleksite w
Mwen m pa t pa koute yon pil pawòl
M ap di w tout moun k ap di m ou pa bon moun
N ap ri n pa p wè jan sa dwòl
Gen sa k te di l pa t ap mache
O nou se de moun diferan
Di yo n paka defye lwa yo
Deux pôles opposés s'attirent
Gen sa k te di n pa p pase twa mwa, pou n pa t chanje plan
Sou lakou FASCH la genyen k t ap tann pou w chanje kan
Di yo sa fè twa zan
Twa zan depi n ap pran elan n
Twa zan nan on enfini n ap defye tan e jusqu'ici ça tient
Men chak jou ki pase mwen remesye linivè
Bò kote w
Bò kote w m twouve fòs pou m afwonte lisifè
Nan tribilasyon yo, yo yo yo yo yo
Nou jwenn rezon pou n reziste
Ant sa n travèse ak sa n pwomèt yo
Nou gen yon bèl istwa pou n vini rakonte
Pandan Pòtoprens ap baskile
Nou jwenn rezon pou n kwè nan pwojè
M renmen w, chak souf mwen bat m swete rann ou pi fyè
M pa konn si n ap on modèl, valè w pa rezime a on vwal
Nou k konn moman kè kontan, tristès, perèz, kouri anba bal
Sot premye Avni al Kwadepre, sot Kwadepre al Kafou fèy
Valiz sou do n men nan men, konsa lanmou an pouse zèl
Poutan m pa konn konbyen jou k pase pou ou pa p boude m
Men m pito sa, lè m wè nanm nou toutouni san fas kache
Lontan sa m sispann chèche konprann
Sa depase antandman m
Pwezi m pedi langaj lè je w pale
Li pèse tout anndan m
Ou jwenn konfyans pou w banm
Menm lè ou w pèdi tout bagay
Ou lwen fanmi w, ou pèdi kay ou
Ou fè m wè mil rezon pou n batay
M rekonesan pou tout kalvè sa yo nou travèse ansanm
W ap met pye w nan dlo pou mwen,
E pou ou m ap met de men m nan san
Se paske chak jou w aprann mwen
Pouki m dwe reyenvante m
Paske m kontan chak jou se ou k te tonbe nan je m
Prekarite a ap toufe m
Pafwa m mande m kote n ap ye si m pa genyen
Men w toujou la pou w di m fè sa m renmen pou m pa tenyen
Nou ansanm menm nan echèk
Madam s on rèn, mwen m s on kavalye
Twazyèm nan t ap konn jan n bèl si kafou sentis te ka pale
Gen bagay m pa rive kapte
Paske sa n ap viv la l plis sakre
W apeze m nan moman perèz mwen
Se ou menm k ap banm gidon
Paradoksalman m wè plis w ap gate m
Plis w ap make m
Se plis moun m ye a li ap vin pi bon
Ou pa t fè m pwomès
Ou banm lide w epi nan pat la w mete men
Underground pa t ap posib
Si w pa t la pou ede m trennen
Plis k on bèl rankont
Se lanmou k mete n sou menm chimen
M kwè nan pwosesis la
Jodi a m ka di m ap suiv ou je fèmen
Donk sa se pou tout sa n pataje yo
Se pou tout sa w pa t kache m
Pou chak fwa n fè ti fache yo
Chak fwa w siye dlo nan je m
Se pou jounen n pase grangou yo
Pou tout malè k lage nan twou
Pou dlo nan je n paka rakonte yo
Tout sa n kite akote
Nan non tout pwomès m te janm fè w,
E pou paysans ak tout efò w
Pou letènite, m vle fè m tou piti nan kè w babe
Men chak jou ki pase mwen remesye linivè
Bò kote w
Bò kote w m twouve fòs pou m afwonte lisifè
Nan tribilasyon yo, yo yo yo yo yo
Nou jwenn rezon pou n reziste
Ant sa n travèse ak sa n pwomèt yo
Nou gen yon bèl istwa pou n vini rakonte

WRITERS

Sylvester Marius

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Enjoyment

Sentiment
Thumbsup IconThumbsup IconThumbsup Icon
Theme

Abuse and Violence