LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Presyon Sosyal (feat. Eklips, Benedic & Stess)

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Pou m jwen ekilib anndan m ant byen ak mal ki abite m nan
Demon m ede m sipòte kilpabilite imanite m nan
Si m kalifye m gran, se pou m rejete yon lòt
Kote m paka bay tè mwen rezon m deklete yon pòt
Ki louvri sou tò m genyen lè m ap poze tet mwen kesyon
Vrè fòs vital kè k ap soufri a pa p louvri l bay vye presyon
Y ap di w poko viv, si w fè fo pa, ou poko ka
M ap diw tout fot yo rich, si w poko bif tèt ou li poko ta
Pour qui? Pour quoi? Comment
Sa mande refleksyon
Moun viv pou chak moman ki ka sanble depresyon
S on desizyon pou moun ou ye a pran a tout eta konsyans
Fwi trayizon an se regrè menm konfyans gen konsekans
Ensten pou siviv son santiman moun tankou defans ak bèt
Anvrè m konprann yon fwa pou tout mefyans pa trèt
Pandan n ap soulaje ego n
N ap ankouraje defo n
Koulè solitid kache doulè kòlè kote tout raj moun se eko n
Konbyen nan nou k brize sou presyon sosyal
Etikèt se pwa senkant
Strès Huuum
Laj k ap monte
Pa mande m kilè m ap fonde fwaye
Potansyèl nou ap balanse sou kòd lamoral
Souvan nou vle gwo, men nou reziyen n a ti kal
Konbyen nan nou ki brize
Konbyen rèv ki plonje
Kè nou tout ap sote, sou presyon sosyal
Chak moun gen verite yo, nou chak s on demon nan on istwa
Nou chak ap trennen pèn nou ak on pil espwa nan on tiwa
Sou wout vin miyò a, gen tout kou n rate yo
Gen desepsyon ak mil rezon pou n sispann kwè kou ate yo
Gen sa n paka eksplike se paske pèsòn pa p konprann
N ap viv ak on minimòm anpriz sou lavi n, e anpil fwa n konfonn
Konbyen fwa n panse n pa gen chwa
Anh
Men panse sa se chwazi pa chwazi ak chak fwa
Nou responsab tout sa k rive n men l difisil pou n aksepte l
E paske sa peze lou fòk nou jwenn on lòt pou n bay pote
Fò n jwenn on branch pou n akwoche
Lè ego n pa jwenn rezon l, kilpabilite n se sa n pi byen pataje
Sou pwa valè ki pa menm pa n, imaj nou n dwe byen lave
S on kolektivite k chaje vis k ap kontwole n pou sanksyone n
Konbyen fwa nou vle sove n
Konbyen fwa nou pè oze sa n santi k jis, paske on lòt pa p valide n
Konbyen nan nou k brize sou presyon sosyal
Etikèt se pwa senkant
Strès Huuum
Laj k ap monte
Pa mande m kilè m ap fonde fwaye
Potansyèl nou ap balanse sou kòd lamoral
Souvan nou vle gwo, men nou reziyen n a ti kal
Konbyen nan nou ki brize
Konbyen rèv ki plonje
Kè nou tout ap sote, sou presyon sosyal
Konbyen nan nou k brize sou presyon sosyal
Etikèt se pwa senkant
Strès Huuum
Laj k ap monte
Pa mande m kilè m ap fonde fwaye
Potansyèl nou ap balanse sou kòd lamoral
Souvan nou vle gwo, men nou reziyen n a ti kal
Konbyen nan nou ki brize
Konbyen rèv ki plonje
Kè nou tout ap sote, sou presyon sosyal

WRITERS

Benedic Jules, Sylvester Marius, Gladimy Antoine, Stecie Joseph

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Sadness

Sentiment
Thumbsup Icon
Theme

Political