M vin pale w de rèv, espwa
Koz nanpwen eksplwa san istwa
Pale w de eprèv, fènwa ak moman k met gou nan viktwa
M vin pale w de fado, yon kote yo pa p fè w kado
Wete w nan fiksyon an, se baf lavi a k ap di w kisa w vo
Se nan kriz yo w aprann plis, e sa l pa paradoksal
Sa k fè w souri ka fè w tris tou, gen bo k fè mal ke bal
Asime chwa w fè pou pakou w, yo ka kite w men w pa p poukò w
Asire w w ap jwe tout atou w, si yo panike w sa fèt pou l fè w
Se pa nou k ta dwe reyisi
N souri ak traka n se paske sa sifi n lè nou reyini
Pa plenyen sou sa nou konnen, batay pou n chanje l demen
Rete konstan men vijilan, sa k ap trayi w la l pa sot lwen
Toujou gen pyèj mezire pye w, w ap wè yo lè w fin f on chwa
Gen obligasyon, swa w vanse, swa w dead, viv se konsa
Gen sakrifis sou wout viktwa
Gen mache sou pikankwenna
Gen sa ki plis g on kout pikwa, se trayizon k sot nan tiwa w
Ant sa n swete ak sa k ap rive a, gen volonte n
Mache sou kritik yo tout gen limit, men m vle n tande
Viv pou nou, koz nan traka n yo pa p ba n kowòm
Aprann n ap kite lekòl lavi ak yon acte de décès kòm diplòm
Nou se pèleren n ap travèse
Menmsi n anpil nou tout poukò n
Advèsite yo k ap gide n, move lavi ki bann kouwòn
Ant desepsyon ak espwa, listwa lavi n ap mal debat
Defi a se ret dwat malgre pikan, kot lòt fè madebat

Pa kouri dèyè rekòt si w pa t simen
Isit pa gen sèl kat chimen
Mwen m konn on wa ki pèdi diyite l pou yon vye pachemen
Isit nou mete may nou fè pwòp chèn nou
Donk, wa konprann ou die nan swasantèn
Yo di w yow mouri jèn true
M ekri lavi m, m pa bay pyès moun ba l tèm
Love se sèl relijyon, rezon k fè mwen m priye nan kè m
Yow, ou konn sa sa vle di
W ap viv n on teritwa ki vyèj, yo di w kreve
Lè demon w yo ap di w vivan w gen dwa pou w reve
Yow di m kiyes ki pa peche, m ap di w kiyès pou w al preche
Pèleren pa t janm pè dezè
Ti mòy pa t janm twò parese
Egzanp lan senp, se ou k mèt tèt ou
Donk, w ap fin byen manje ak moun
Apre m al nan kaka pou kò w
M toujou n on deba ak konplikasyon
Mwen lè m ap chèche m nan nou
M stil ap chèche check fucking pèfeksyon
Se jis pou m di w s on fucking spèm an poud latè ap chèche n on bal
Latè gen prensip pa l depi w twò lou pou li w ap pase anba l