M s on emcee k sot nan limyè ak yon kote sonb
Si w pa konnen m swa w pa konn li
M s on grenn ki pèdi nan peyizaj la
Pitit on malerèz k ap kesyone l sou sa k eritaj la
M te toujou ap mache dwat
M pa g on pil klan koz depi gen lajan trèt ap fè madebat
Kèk tan m ap konstwi kèk plan
Reyisit mwen pa pi sèten ke m ka fini nan kat fèy planch
Prejidis yo sovaj men m te toujou kanpe tennfas
Mwen ak moun k ap di m sa n sot nan menm ras
M pa konn si m plis pèleren, nomad, ni menm sou on wout
M pa gen sètitid, m jis ap batay jouktan souf mwen bout
M se negasyon tout sa m te vle ye
Se dram ki kouvri tout vi m
Toujou on bit k ap nouri m
Yon emcee lavi redui an mil moso
Yon nèg k ap chèche yon wout ki pèdi l anndan kèk grenn mo
Yon moun k ap viv nan kontradiksyon l
Ki plen demon men k te pito pran mizik kòm sèl adiksyon l
On nèg ki plen rèv k ap dòmi anndan l
K ap kase dan l pou l reyisi pou l ka fè fyète manman l
On gran frè k ap efòse l pou l vo tit sa
On gwo lespri nan on ti kò
Konsa m prezante m sou bit sa
M se moun tout moun malgre gen trèt
Se tandans geto a k gate m
Etranj, lè n di m gade sa k gade m
Se gras ak sa m ap trase wout mwen
Manman m banm lanmou ak sans pataj
E sa m pa p sispann simen
Kot n ap met motè m ap panse kè m
Se nan rap mwen m ap pot sekrè m
Nan pwezi m m trenn on dal pwoblèm
M chaje mank, men se pou sa m dwe bay plis tou
Ti frè m dwe fyè e se pou sa tou m g on lòt diskou
Prekarite ak mwen, nan on konba fas a fas
Mèsi kamarad ki banm solidarite kòm karapas
M pa janm panse m konnen, ou pa p wè m ap fè gwo tèt
M nan advèsite a m ap"fight", m pa kwè nan vèsè
M ka konte sou kèk frè, e m ka mouri pou kèk sè
M redefini m nan on spiral, nan goumen pou m rete moun
M"spit" sa m ye san atifis
Sylvester, Malcolm fè youn
Yon emcee lavi redui an mil moso
Yon nèg k ap chèche yon wout ki pèdi l anndan kèk grenn mo
Yon moun k ap viv nan kontradiksyon l
Ki plen demon men k te pito pran mizik kòm sèl adiksyon l
On nèg ki plen rèv k ap dòmi anndan l
K ap kase dan l pou l reyisi pou l ka fè fyète manman l
On gran frè k ap efòse l pou l vo tit sa
On gwo lespri nan on ti kò
Konsa m prezante m sou bit sa