E menm demach la, m fuck tout kritik
M lwayal ak sa k lwayal, e sa l s on mistè pou fake
W ap kite tab mwen si w ap tann monnen pou w switch
Mc isit san etik, y ap bann zannanna pou sizàn
Lajan k fè n paka wè eta n
M pa p aprann nou anyen, dayè nou te la avan m
Sa k gen zòrèy rap k ap konnen
M fèmen m n on piramid, m ap fòje on pwojè
M ap fil on EP pou m frennen fake
Doub albòm pou m fè n kite blofè
Vant mwen vid, men mefye w
Koz mwen m frappe tankou Mike
M ap redi flow yo nan on sak
Ou krezi mo m yo tank on krak
M konn anndan rap tankou rat
Em fleksib sou beat tankou chat
Figi m pap di w kòman m tchak
Men bèt la soti lè m sou trak
M gen kontwòl rim nan e tankou m te Furax
Kot tout te vle nan gran lakou
M t ap batay pou m kreye youn
Yo twoke valè yo pou cash
Mwen m ap travay pou m rete MOUN
Lè m sou sèn mw pa wè limit
M fè n vwayaje sou liriks
M preche love , m preche bonè
Men m ka Thanos, si n vle nan gè
Si w fè lonè w m ap ba w respè w
M egal ak mwen, sa pa on sekrè
M kenbe beat la m ap sekwe l
Punchline mwen pa pase prè l
Sou trak la mw tank on boukan
Tensai ki banm on etensèl
N ap spit fatra, m ap f on fat rap
Chak jou plim mwen ap pran pwa
M ap f on masak nan non Hip-Hop
On lespri gwo nèg n on ti kò, m ap f on rap atlèt
Chay yo dèyè, sa m ap poze la, se jis on pakèt
M underground jouk nan nanm, m ap f on rap a tèt
Mwen marye lèt like Kacem Wapalek
Men li n mele n pran n on eman
Like on lemè vibe lan limen
Flo m anmele fò n demele n,
De menm anlè m ap fè chimen m
Sa m ap simen k ap fè n suiv mwen
Bit lan ap kimen, sa pa rimè
Street la konnen, trak sa sonnen
Sa k pa t konnen m, m pral fè n tizè m
Yow Tensai, sa k te di w voye ti beat sa man
Mwen pa t menm sou sa non man
Vin leve m sou nich mwen la
Kick lan renmen sa m ap fè l la,
mwen fuck li ak tout teknik lan
Pwofite m se pou on ti tan
N ap gen chans sa pou n tand on Titan
Rezistans kòm sèl baz, m ap toujou on rebèl
Kot on bann nèg k ap pran Mic
T ap pi bon Chez Jacquie et Michel
La m wè tout emcee sanble
Pou n konprann, flo m yo sou dozaj
Si n di m pran tan pou m rive
M ap di n mwen gen twòp andirans
Sa k fè n wa se animatè ak inyorans
M egal ak mwen mwen toujou sanse
Rap ayisyen an kòm bousòl
Men on jou m ap ranpli Velodwom
Rèv y ankonbre m listwa banm randevou
M gen pou m tranble n, m ap konte jou
Vibe sa ap toksik pou sante nou
M fè n kwè l fasil, m ap tante nou
Kidonk, pran rezon n pou n banm foli m
Men mete kas nou ba l volim
Nou pa otantik, ni kopi m
Pwomès se dèt, m pral peye n pa m yo