LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Hustler

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Huummm, huumm hummm
Yow.. yow Tensai, banm
Banm on ti volim nan kas la man
Banm on.. banm on kick.. banm on
Ye, jere mikwo a pou mwen tou bro
Yeah. Ok
Banm on kick, on bas
Pou reveye gwo bèt k anndan m nan
M ap fòje m plis chak jou
Nou mèt priye si n pa nan klan m nan
Pran sa pou on atak, mwen m pa p fè patipri
E paske n masakre kilti a k fè tout nou menm pa p sifi
Kote n bloke a se mwen nan pwosesis kreyasyon an
M vini m sonnen klòch la, m fini rekreyasyon an
M rap a tèt, wack, nou sonnen chansonèt
M se Malcolm, bosal hustler
N fenk bezw on tansyomèt
Toujou g on bagay pou m rakonte
Se paske m toujou ap toufe
On bagay pou m ap rakle, se memwa sa k ap rete
Imòtalize m nan kèk mezi sa se paradòks lavi m
Maji m se fè w souke tèt ou, san w pa t mande m avi m
Avan m te"spit" m t ap tande
M t ap aprann, m t ap mande
BPC, DBA banm baz pou m monte tou danble
Jodi a m stil ap tande, men pa oze vini mande m"Emcee" kounya fè m bouche nen m avan m bouche tande m
Sa s on freestyle men pa fè n ilizyon
M pran pozisyon an
Ego a paka trip lè rap alyene, lè trip ap kòde
Lè dekò street la blèm, lè lanmò vin pi prè n
Fènwa k plis vin wè n"Fuck", sa s on kriz sistèm
M underground
Men m popilè sitou se paske m pot kòz mas la
M pa p kache dèyè mas la
M vin jwenn nou anfas, pou m fè nou kite plas la
Fò n retounen nan baz la
Sou nòt sa, m pral kòmanse chas la
Sa pa on son se jis on fraka
Vibe lan nice men l poko twaka
Sa m ap fè a k konnen m
Mwen m pa gen pretansyon m konn rap
Sa pa on don se jis on devwa
Pou rap ret rap f on kite sa
M pa bezwen nou bezwen m
Menm a san mil mèt m konn wack
Mwen m pa ni wa, m pa ni papa
M se sila ki kenbe rach la
Swa w real, swa w silans oubyen w temèt banm twa pa
Liriks nou fad, yo maladwa, plas nou se labatwa
M jwenn street credibility
Chak fwa m fè n sa m ap fè track sa
Pou m klè m s on rookie k ap titilè nan all stars game
Ni HMI, ni shit states, m vize Hall of fame
M pasyan, m ap aprann, se sajès sa k ap fè m ikón
M gen memwa hip-hop like Brandon Stark nan Game of thrones
Atifis y ap pase, m pito rap sa k pase m
Sakrifis yo sakre, m stil ap drop, m ap chèche m
M pa prese, m konnen jou an ap vini pou kont li
Nou tout sanble, nòmal pou m s on éternel incompris
M pa p fè n ilizyon, nan kondisyon m s on malere
Rap knowledge ak syans ki pral banm tout sa m vle ye
Lwen deba pi konn ekri a, m ap tande nou k n on fènwa
Nou raz
Se nou k banm rezon pou m fàn MC Baba
Rap se referans, kanal pou eksprime tout lavi n
S on pozisyon klas ki vini sou fòm rit ak pwezi
Se teknik, se street
Se elegans, se skillz
Peace, love, having fun and unity se still
Donk, lè n di m se rap nou fè pi byen
M wè, m tande rap nou m temwen
E m ka di n si se konsa, nou pa konn fè anyen
M ka konprann nou pa p konprann, nou pa nan menm alegori
Formule one pa gen kalmason, nou pa nan menm kategori
Sèvo nou perime, nou tout sou anpriz yon ejemoni
Ti enterè n prime, kidonk nou pa p nan menm seremoni
Pa lapèn pou n pran rakousi n pa abitye fè menm pakou
Si n wè n devan m konnen se paske anplis nou m gen plis ke three tou
N ap suiv kouran, m sezi wè n k ap panse n fè pwa tou
Padon pou n konprann ba sa yo n riske pran plis ke three jou Donk
Banm on kick, on bas
Pou reveye gwo bèt k anndan m nan
M ap fòje m plis chak jou
Nou mèt priye si n pa nan klan m nan
Pran sa pou on atak, mwen m pa p fè patipri
E paske n masakre kilti a k fè tout nou menm pa p sifi
Kote n bloke a se mwen nan pwosesis kreyasyon an
M vini m sonnen klòch la, m fini rekreyasyon an
M rap a tèt, wack, nou sonnen chansonèt
M se Malcolm, bosal hustler
N fenk bezw on tansyomèt
M se Malcolm, bosal hustler
N fenk bezw on tansyomèt

WRITERS

Sylvester Marius

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Anger

Sentiment
Thumbsup IconThumbsdown Icon
Theme

Sexual