Sa m spit s on eripsyon vòlkanik
Diferans nou : rap pa m nan stil ret majik
Drop barz chak fwa m spit
Se sou on kick m pase tan m
M pa kase dan m, pou m f on 16 nou t ap reve
Potansyèl mwen s on ideyal
Sa m spit s on eripsyon vòlkanik
Diferans nou : rap pa m nan stil ret majik
Sou chak trak, m twomatiz on dividal emcee
Kèk tan n pa tande son sa yo
Brèf, n a gentan di m mèsi
Big-up Underground connection
M ap sot n on piramid tou danble
Nèg y ap krache sou kilti a
Albòm rap yo gen tout tandans sou yo kounya
Endistri an g on modèl tip
E mwen menm m s on devyan
M s on jagwa, m bay tout chen yo bèl devan
M vin reyalize sa n reve ye
Nou reveye m fò n leve pye n
M fè mil fwa mye ke sa n fè sou dizan
Yoow! Aaah! M pa menm sou sa non
Epi nivo a pa menm wo non man
M konsidere m ap aprann baz yo
Se pou m di w nan nivo w naz bro
W ap wè vibe lan toujou nice
Sa sèvo a rann se sa l vo
M enprevizib, m prèsk envizib
M frape kote w pa t atann nan
M suiv, m aprann kòd yo an silans
Ou pata ka konn plan m nan
M pa t ap rap pou m fè game
M pa p pran nan Kendrick anba lavil
M mawon kite plantasyon an
Men sa m sitou respekte se : tan an
Bon, nou pat ap suiv règ yo
Elit rap la ka poko hit, men annatandan l popilè
Nou radikal sou pozisyon n
M devlop on konsyans de klas
M defini m an fonksyone de plas
M ap pase la m ap kite tras
Nan de 16, m met dife nan kas
M mete tout wack yo nan nas, gang
Èz ak tout Malcolm big size on track homie
K on Pac"eyez on me". Do m gen Surge Knight homie
Ak rap m f on pak konpak konbat m ap
Trèt k ap twerk poutèt like homie
Hip-hop body guard, bout boom-bap
Rim krezi deep k on po black djiii tout pou m bay
Drop barz chak fwa m spit
Poli vè, fo livrè k livre vè nan po lanvè
Fòseman, fonse pran, etensèl entanseman
M vin aprann yo pwòp leson yo
San dout yo gen pwòp rezon yo
Tèt rapè ranpli kizin mwen
K degize k di k se kouzin mwen