Yon jou yo di m pi gwo defo m se te wè sèlman kalite m yo
M blese nan panse fè byen e nan enpoze esans mwen
Maladrès fè m pa sispann mal parèt
M etranj, nan je menm sila pouki m te plis sakrifye m yo
Men m s on moun, ki kwè ke n bezwen tout pou n fè youn
Men konbyen k repwoche apwòch mwen fè sou koze miksite
Kibò n prale san tolerans
Wi m ap chèche bonè, men avan m sonje lang ak dan mòde
Genyen k di m twò fleksib koz
Mwen m li nan tora, nan koran ak nan labib tou
Men m chèche konprann plis ke m jije
Se paske si lanmou g on baryè se pa t ap diferans
Gen lòt ki panse m panse sèlman a tèt mwen
M panse panse ak mond lan plis te ka fè m rayi tèt mwen
M paka bay sa m pa genyen
Kòman m ap fè renmen on lòt
Donk m ka di w lanmou jwenn tout sans li nan chak ti erè yo
Si l bat a chak segond se pou banm on chans anplis pou m apresye
Se pou l pa eklate k fè pou lòt m pa gen gwo kè
Genyen k repwoche m pou jalouzi m
M pa toujou fè bon chwa yo lè m fas eprèv
Men chak ban m on leson, m pa p efase prèv sa yo
Sa yo k fè chak eksperyans ban m on dòz perèz
Pou mwen viv dwe eksitan, pafwa ezitan
Padon si m doute sou menm sa k te evidan
Lavi a s on lekòl e chak jou gen leson l pote
E mwen m pa sispann wè tèt mwen tankou yon etidyan
Tout jijman n yo gen limit
Si n kapte yo n a konprann youn konplete lòt
Nou tout pa t fèt tou bon oubyen move moun
Nou sèlman ka viv chak segond malgre kontrent yo
Epi, kontinye pataje lanmou n
Yon jou m aprann ke viv ansanm ap toujou gen konfli
Mezantant s on bagay k antre nan nòmalite lavi
Defo ak kalite anpil fwa relatif
Sa k sibi jodi an, demen se li k ap reyaktif
Nou se defo n, e paske san sa nou pyès pa t ap spesyal
Pèfeksyon fose k ap fòse fonse sou yon bekàn san pedal
Si n vle avi m konnen pou mwen sa pa p janm yon kalite
E menm si pafwa defo yo konn fonn anndan kalite yo
Petèt sa se pi bon deskripsyon ipokrit makiye yo
Preferans konstwi nan limit sibjektivite n
E sa met etikèt sou chak grenn moun anndan yon sosyete
Gen pran pozisyon epi gen asime
Mwen m pa p pwonmennen kenn ilizyon nan reyalite m
Nan tout sa, m pito rete jan m ye a
M ap aprann nan men defo m yo
M ap kontinye kase dan m si se pou m avanse
Ant sa yo di ak sa nou kwè, gen modèl moun m ye a
Ant preferans ak degou, m fòje karaktè m te vle a
M fyè de mwen, m renmen m plis, m aprann de fot yo deja
M pa t byen plante men m ap pouse
M pa kwè nan chans mwen m ap bouske
M konn kalite m paka doute
Plis m konprann, plis m renmen m
Plis n ap trayi m, plis m ap mwen menm
M fòje m ak sa m jwenn sou chimen m
Anvi konnen an k ap mennen m
Pase m trase m ak sikatris
E jodi a m ka di nou m fyè
E paske, pi gwo pwofesè m se erè m