Depi epok noel la rive fok nou selebre
Selebre nesans yon sovè k vini kòm kado
Li te pran nesans n'on ti vil k rele bètleyèm
La wa maj yo te adorel di Bondye mesi
Ti wa sa te pote limyè pou klere mond lan
Non li se Emmanuel Bondye avek nou
Epok sa fanmiy reyini pou yo ka fete
Pou yo pataje bel kado avek bel souri
Tout timoun nan espri Noel ap tann Tonton Noel
Kap pote ti jwèt ak kichòy pou yo ka manje
Nan tout lari dekorasyon ak bel abdenwel
Noel se epok tout moun renmen an nou selebre
Mael ap swetew joyeux noel yeah yeah yeah
Mael ap swetew joyeux noel oh oh oh
Te deseo una feliz navidad
Noel la bel- lè nou tout met tet ansanm pou nou pataje lanmou
Noel la bel-lè nou prè poun pataje ak sa yo ki nan bezwen
Noel la bel- lè nou tout ka sikile san nou pa gen kè sote
Noel la bel- lè peyi nou ap mache, noel la vreman bel oh
Li bel li bel li bel li bel
Oh yeah yeah yeah yeah-Noel la bel
Mael ap swetew joyeux noel
I want to wish you a merry Christmas
Te deseo una felix navidad