LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

ZAKA METEM TRAVAY

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Intro

Travay...
Zaka metem travay
Bawon, gade m...

Vers 1

Depi le jou m pran nesans sou latè ak lavi map batay
Pou jounen an ka o mwen bèl, preske chak jou nap bat night
Pa gen reyisit san travay
Map aprann nou chita pa bay
Bawon te dim travay tout tan m kapab, pa ret chita lakay

Yon bèl gason tankou Ogou
Ki pa pè granpe sou jenou
Kiyès kap jije nèg yo vye nou
Lè sousi lavi sou je nou
Jis paskem chwazi vrè chimen m
Sa k pa konnen m yo jije mwen
Si m pa kouri peze gachèt kounya
Se paskem vize lwen

Ak fado lavi an lage sou do m
Map pase mizè mwen
M rete nan patiraj lespri
Yo ban m map gade lizyè mwen

Refren

Zaka, metem travay
Ban m fòs, ban m kouraj
Map travay maten, midi, swa
Jiskaske bonè parèt pou mwa
Zaka, metem travay
Lavi pa bay san sakrifis
Map travay san pale anpil
Jiskaske non m tounen prestij

Vers 2

Na padone m si m ta mouri bonè
Si m peye sa m te komèt
Ak mèt mwen si m rete onèt
Si m pa bay sa m te pwomèt
Si m antre san di onè
Si m fè nwit lan san somèy
Yo di lavi gen revè
Se sak fè m peye m tann monè

Map kontinye travay maten, midi, swa
Epi tann bonè m
E ki pwoblèm ki gen nan sa?
Lefèt tout moun net konnen m djab

Tout jeneral mistik konn Dangbala
E tout mèt konn gen gad
Majorite istwa bib lan pa vrè
E tout nèt sonnen mal
M ka dedouble nan yon segonn, se vre
Men tout nèg konnen m saj

M ka reyisi ak fòs ou brave
M h t yon bèf ak kòb ou baz
Epi yon bag an lò pou m ba w
Lè map fete fèt ou an mas

Pont

Vanyan, vanyan gason
Mèt yon nasyon pa mouri nan pwazon
Chak jou m sonnen ason
Yon franc-maçon m pap janm nanchon
Sèvi djab e pasyon m
Nan bitasyon m wap jwenn fi ni gason
Ki pa nan relasyon ak moun òdinè
Yo chak gen pwason

Vers 3

W'pral wè lavi a pa gen sans
Wi lè w pa gen goud nan bouda w
Ou pral vin konn sa k trayizon
Lè bon zanmi w pa sou bò w
Wap konn kijan pou dirije
Men se lè w fin pèdi pouvwa w
Lemond pral wè jan w esansyèl
Se lè w pa gen dyaman nan lò w

Lè wap viv san okap nan nò w
Lè pa gen moniman nan fò w

Outro

Zaka...
Metem travay
Jiskaske non m vin lou.

WRITERS

WILLIMSON HORMILE

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Sadness

Sentiment
Thumbsup IconThumbsdown Icon
Theme

None