LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

DE 2 ANS A 15 ANS

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Intro (Story)

Jodi an pa m
Demen ka pa w
Ou wè papa w, ou panse e papa
Pa pale, sèl konsèy m ka ba w
Si w pa janm fè peche
Poukisa w pa voye premye wòch la?

Nasyon sa san rekonesans
Kreten sa yo bliye premye fòs la

Vers 1

Depi 2 an a 15 an
Manman m fè m ap mache nan legliz
Fidèl yo te toujou apresye m
Okenn pastè pa t ka fè m tonbe demon
De Jezi wap pale m nan
Te toujou ap pase m nan betiz
Jouk Dye Limyè vin adrese m
M vin wè yon vrè mèt, pa gen de non

Refren

M fè chwa pa m
Map pote kwa pa m
Yo vle fè m vin mechan tankou papa m
Nou pa pran kam
Lè lavi pa t souri ban m
Kiyès nan moun sa yo ki te vin ede m?
Se sèl Baron Samdi ki te soutni plan m

Vers 2

Lè m mouri
Nèg sa yo pa ka vin leve m
Wi m konnen m pa alèz
M pa ka dòmi, paske m pa gen somèy
Mwen ak kè kontan
Se de dwat paralèl

M kreye limyè
Lè pa gen gran solèy
M pa ka nan souri
Lè moun san pwoblèm ap fè blag
Si nanm mwen nan kouri
Kò m san valè si nanm mwen pa nan kaj

Vers 3

M fè eksperyans ak djab ki pa djab
Mwen deja ja
Ki fè m santi m gen plis valè pase ja
Ki pote ban m tout sa k te pou seza
E ki pral fè lèzòm pè m plis pase cha

Ki ban m machin, ki ban m kay deja
Ki fè m santi m mèt tout sa m di se sa
Apre sa ki pral imilye m plis pase sa?

Pont

M fèt yon jou lendi
Nan yon nich koulèv
Daprè istwa paran m yo
M te toujou pi alèz nan simityè
Pou espri yo, m pa gen mo

M soufri anpil
Lè yo pase m a leprèv
Fè m fou, map fòse sèvo m fè eksè
M konnen poukisa m sou wout la a de kè
Kounya map fè misyon m nan a de pye

Outro

De 2 an...
A 15 an...
Se la yo fòme m.

WRITERS

WILLIMSON HORMILE

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Sadness

Sentiment
Thumbsup IconThumbsup Icon
Theme

None