N ap benyen nan medyokrite...
Nou fè bri pou vid, nou toufe verite
N ap mouri dousman anba superficialité
Peyi m pèdi gou li pou limyè
N ap benyen nan medyokrite...
Nou bat bravo pou tout sa k san valè
Konsyans pa vann ankò, se scandale k chè
Epi nou mande poukisa demen an fè nwa
Yo bay plis valè ak buzz pase talent
Plis respè pou clown pase pou savant
Yon videyo betiz fè milyon enstant
Pandan bèl tèks ap mouri an silans
N ap viv nan yon epòk dramatik
Kote moun k ap reflechi vin "twò kritik"
Pandan moun k ap degrade tèt yo vin icon mythique
E pèp la ap konsome sa tankou narcotique
Yo prefere scandal ak exhibition
Pase liv, rechèch, refleksyon
Pwostitisyon vin planification
Pandan edikasyon anba demolasyon
Nou rive nan yon nivo ki fè m tris
Kote timoun konnen tout challenge TikTok
Men yo pa menm konn Jacques Roumain ni Price-Mars
Paske sistèm nan touye memwa istorik
Yo leve "stars" sou provokasyon
Sou tout sa ki fè degradasyon
Pandan moun ki pote élévation
Toujou rete deyò konvèsasyon
NAYSBI fè bri, DJOULI pran limyè
BOURIK DE LATAY vin référence popilè
Pandan BIYAYSI ap pote tèks ak karaktè
DÈF FONDAMANTAL ap pale konsyans nan dezè
K-lib pote plume ak pwofondè refleksyon
Men algoritm nan prefere vulgarizasyon
Paske jodi a se pa kalite k fè moun monte
Se kantite buzz ak degradasyon
N ap benyen nan medyokrite...
Nou fè bri pou vid, nou toufe verite
N ap mouri dousman anba superficialité
Peyi m pèdi gou li pou limyè
N ap benyen nan medyokrite...
Nou bat bravo pou tout sa k san valè
Konsyans pa vann ankò, se scandale k chè
Epi nou mande poukisa demen an fè nwa
TIPO gen plis abonnés pase Jean Jean Roosevelt
Sa sèlman montre kijan nou defini succès
Nou chwazi bri avan n chwazi sagesse
Epi apre sa nou plenyen lavi san noblesse
Nou jis pè tout sa ki mande efò
Paske medyokrite konfòtab
Li pa mande disiplin ni reflechi fò
Yon atis ki pale vyolans jwenn sponsor
Yon fanm ki ekspoze kò l jwenn tout projecteurs
Men yon jèn ki vle pale liv, syans, travay
Souvan fini pou kont li anba découragement intérieur
Sa fè m mal lè m wè valè entèlijans bese
Lè vulgarite vin tounen identite
Lè moun ki ta dwe modèl pou jenerasyon
Tounen machin pou banalize degradasyon
Nou pa bezwen plis clown sou entènèt
Nou bezwen lespri ki ka leve yon pèp
Nou bezwen atis ki ka geri doulè
Pa sèlman fè moun danse pandan peyi a ap mouri an silans
M santi m ap pale ak yon pèp fatige
Ki itilize distraksyon pou bliye li blese
Men si nou kontinye adore mediocrité
N ap fini pa pèdi dènye moso diyite nou te rete
Nou touye sa ki pwofon...
Pou n adore sa ki fasil...
Lè peyi a vin vid anndan.
Yon pèp ki pa valorize ekselans...
Toujou fini anba dominasyon medyokrite.