Men konbyen k' te prè pou mwen
Lèw chache travay yap di ak moun ou rete ( veye aryè w' )
Lèw pap fè anyen yo pral relew parese ( veye aryè w' )
Lèw pral ka manje yo pral di se djab ( veye aryè w' )
Lèw pral byen pase yap diw nan vye zak ( veye aryè w' )
Lè m' patko fè zewo pat janm gen yonn ki te di gras
M' annik vini m'fè sa met pye m' nan en m' vin plen an fas
Yo joure m' pretansye lè m' pa plenyen ni mande kras
M' konnen ap gen plenyen lè m' vin gran bòs ap konte kach
Olye yo lonje w' lamen li pito plen w' avèk kritik
Yap ba w' yap reproche w' se tanperaman moun isit
Ou mèt te bouretye travay avèk fyète
Olye w' lonje men bay moun k 'ap baw jis pou dil mèsi
Men konbyen k' te prè pou mwen
Lèw chache travay yap di ak moun ou rete ( veye aryè w' )
Lèw pap fè anyen yo pral relew parese ( veye aryè w' )
Lèw pral ka manje yo pral di se djab ( veye aryè w' )
Lèw pral byen pase yap diw nan vye zak ( veye aryè w' )
Mwen avèg m' pa tande m' pale
Tout sa w' tande sou mwen yo ah wi se verite
Depi se pou kredi w' ap wè tout vin achte
Men demen y' ale lòt kote depi lajan tonbe
Li bon anpil lè w' pote chanjman lakay ou
Men ou pa dwe janm kite sosyete a dikte wou ou
Wi frè m' w' ap sispann moun lè se fason lòt moun
Ki identite w' lè sou ou prèske kout remò kap die ou
Goumen goumen w' sa pa gade m'
Echwe echwe w' sa pa gade m'
Mennen mennen w' sa pa gade m'
Reyisit pa m' nan ki konte eh
Son danje eh lè w' pa wè èh
Epi w' pale ou pa konn konbyen moun ou detwi