LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Petèt (feat. Steph le sauvage)

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Anpil fwa w pedi chans ou
Se paskew twò vag
Ou jus panse w twò nice
Wap fè stil sou black
Pran sak serye Fè blag
Tout byen w se fè mal
Panse ou tap Fè viw ap sakaje m
Petèt ou pansem patap rasazye
Petèt ou panse Black pa pataje
Petèt ou pansem patap ka ale

Petèt nan moman pouw te konfyem Lan
Se moman pouw te doute!
Petèt se pwòch mwen ki tap diw
Fòw gen rezon pouw te koute
Petèt chwaw pat chwam
Rèv nou ka pat konpatib
Kit sa sòti byen ou mal
Nou dwe konnen l g'on plas jis
Fòm te pèdi tout poum genyen w
Menmsim pral pèdiw aprè!
Fòm te subi nan pwofon m nan Moman
M te di map fyè!
Fòm te lagem aprann konfye w
Jus poum konn kèm ka dilate
Fòm te tizèw pranw pou sen
Jus Poum te wèm idolatre
Tout sak enpòtan pou mwen
Se kòmsiw fèl pase gratis
Ou te vle mare m Pou gatem
Tankou fil alegati
Tout saw te rayi nan mwen
Pral devni richès pou yon lòt Tou!
Lèw metem nan ti soulye m
S'on mwayen pouw te fè bòt ou
M te dwe baw tout saw bezwen
Pouw patka banm sam tap chache
Fòk rankin ou te pi prezan
Pouw mal aji chak fwa n fache
Fòm te saj e filantròp pouw
Te kanpe kou wobo
Fòw pat kyè lè dlo zyem
Prèske fin mouye ke wòb ou

Fòm te viv ilizyonm poum wè vrè Love pa abitid
Aprann de yon fochez poum konn Fake love n'on ka swisid
M te dwe konn pri ensomni Fòw te Foukem kou babilòn
Petèt anndan renmen an youn te rayi Lòt
Anfèt ou te angrè toumanm
Fòn t'aprann sak konn paradi pou Zye
Pafwa ka lanfè pou nanm
Gadew nan je fòk vye sousi te fèm Avèg
Poum wè mastòk
Nan vann yon lòv nou pat genyen Wil posib
Poun t'anpán stock

Anpil fwa w pedi chans ou
Se paskew twò vag
Ou jus panse w twò nice
Wap fè stil sou black
Pran sak serye Fè blag
Tout byen w se fè mal
Panse ou tap Fè viw ap sakaje m
Petèt ou pansem patap rasazye
Petèt ou panse Black pa pataje
Petèt ou pansem patap ka ale

Petèt nou ka te vle men e nati an k Pat pemet nou
Petèt kote poun t met men e la n te Mete kè nou
Mtap gadew ak vizyon paw alonje Sou twotwa ,
Komansman yo Bèl sak lèd lan ,
C'est que yap fini tôt au tard
Nou pat gen pesonn pou edem Plenyen
Nou konn ale n tounen
Nou pase tout tan 'n ap chache lapè e Pou san tap goumen
Lew wè tan an bèl se nati an kap Panse pou li
Santiman glise malgré sa nou tap Kouri sou li

M Petèt pat akansyel kite ka bwè dlo Jew yo
Petèt vizyon m te etèn lèm gadew Poum te wè botew yo
Lèw kouri twòp yap kenbew siw pa Konn kotew pral kache
M met men nan bouche poum pa Touse lèm pa konn kotem pral Krache
Mpat konn si renmen ak tout kèw te Ka fèw pedi tèt ou
Si lèw banm kou yo m'aprann sa pa Definim kom
Elèv ou
Mte wèn kòm yon istwa k tap Rakonte nan yon vye bouche menn
Nou se moun ki konn renmn men pa Moun ki konn kenbe men
Petèt nou yonn pat konn lot menm Jan kenn lot pat konn nou
Petèt nou pansen t lib kann tap pran Chèn mete nan kou nou
Apre dans tanbou lou nou bat tanbou An nou dansel menn
Aprè tout swè nou bay à la fin n pa Reyalize anyen
Se pa petèt mte fè efò pou wèm pami Moun ki onèt yo
Mte konn tout sa n prete nan men Lavi yon lè nap remèt yo
Fè konfyans se yon jès nayif mwen
M te fèl poum liberem
Nou te gen menm kantite pen menn Te manke bè pou bere.


Tap gen mank malgrem ofri
Nan tout sans tap gen konfli
Poum byen viv fòm te soufri
Fòm te konn pri ensomni
Ou pajanm fè depo sansib
Menw toujou reve retrè!
Emosyon ou pa gen pwopow
Padi yon moun ou vle rete
Bèl Abitid pat vle din dwe rete

Refren
Anpil fwa w pedi chans ou
Se paskew twò vag
Ou jus panse w twò nice
Wap fè stil sou black
Pran sak serye Fè blag
Tout byen w se fè mal
Panse ou tap Fè viw ap sakaje m
Petèt ou pansem patap rasazye
Petèt ou panse Black pa pataje
Petèt ou pansem patap ka ale

WRITERS

Steph le Sauvage Alexandre

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Sadness

Sentiment
Thumbsup IconThumbsup Icon
Theme

Coarse Language