LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

M Se Mwen (feat. Steevy A)

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
M' pote m byen! M'renmen m byen!
Dayè janm pote kòm se konsa m pote Kèm
Byennèt mwen se tout avwam
Pou moun pakonn doulèm
Se lèm kontanm m kriye
Se konsam pot enkyè m
M paka mouri swaf lajwa m sim la Pou mwen
M plede barem kap damou tèt mwen!
Sim ta fè vim ap konte sou moun
Poukisa m tap gen tout dwèt mwen?
M pito fè vim ap bouche vid
Rèv la se wè tout vim konble!..
Detan! Sèl sam pa genyen m pa ofrim
Menmsiw wèm ap konte jou!
Mwen! se joum wè m konte!
M kontinye wout mwen depi lèm Aprann se pa tout moun ou tann Kap dakò tann ou an retou
M bay tèt mwen love la san rete
Koz m dekouvri gen lòv m pral Jwenn se lèm an repo!

Epi
Sam vle ye pap pèmèt mwen kole Nan pye moun tankou ba de chè
Sim jwenn love map tounen l back
Sinon pase twè
M se nèg Nan goumen poum g'on Bon vi m prèske pagen tan poum Viv!
M se mantò m frè menmsi pafwa m Fè erè m se lòm men aprem pagen Pibon gid
M renmen pwòp ide pam m plis Santim alèz lèm kreye sib mwen
Epi si siksè aretem m dwe pigwo Koupab nan reyisit mwen
M pa pral fè komès lave sèvom poum Pèdi ligne mwen M pito rete tann
Mantalite Black Dinitem ret detèn
Olyem bay dèyè m poum briye devan
M pito ret etèn
Afè moun pa enterese se konsam tou Grandi lèv mwen
Si defwa map pale pou kòm se Paskem twò zanmi rèv mwen
M kwè nan tèt mwen M pap fyè si Map manje nan sak pa swè m
Souvnim tankou zonyon jem fè dlo Lèm fè koudèy nan chak pase m'
M fè vim ap frekante opòtinis
Le jou m santim twò eksplwate
M revòlte
Jodi a M ka konte zanmim sou dwèt Mwen!
M'ofrim sa moun t'ap eskontem
Em santim pi asire lè bra dwat la se Ponyèt mwen
Mvle Kondwi fyètem
Jis nan dènye pwofon byennèt mwen!
M' se nèg ki fyè lèm wè chak pwòch Mwen ap vanse kouzen
Mandire sak pikem poum pa blese sa Kap panse pou mwen
Fratènite m pwisan siw bon m pap Diw pasab m pa achte figi moun ki Epate m
M pa bezwen fè bri pouw antre nan Konsyans moun ki eksplwatem
E tèt van ki vante tèt m fè silans olye M chache klach
Se pa chache kont
Menm m padi krik lèm wè nèg ki tap Konseyem ap fè krak
Dayè m patap mwen sim pat Real
Menmsi lèw wèm kap ou pran van
M pa file fanm m pa feel
M vle respekte egzijans mwen
E tan an presye chak segond s'on Santimet kap pwolonje egzistans Mwen
Poum debarase m de doulèm m pa Kite maskilinitem enpechem kriye Lèm blese
Se pa tout vye emosyon m kite pase
Poum pafè sam ka regrèt!
M pito pliye lèm prese

M vle briye m vlè wè kòlè solèy Mwen
M paka fè lach fom kouri dèyè yon Rèv ki vòlè somèy Mwen

WRITERS

Alexandre Roubens

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Enjoyment

Sentiment
Thumbsup Icon
Theme

Sexual