LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

L'Union fait la force

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Nou konnen byen, chèf yo pa panse pou nou,
Yo chache pouvwa, se lajan yap pran sou nou.
Yo sèvi ak pèp la pou monte nan chèz wo,
Apre eleksyon, yo bliye pawòl yo.
Men se nou menm tou, pèp la, k'ap fè érè,
Nou pa chwazi lidè ki ka mennen limyè,
Se konsa nou tonbe toujou nan menm pyèj.

Si prezidan vle fè byen, men nou mete baryè,
Ki rezilta n'ap jwenn, si se dezinyon k'ap gouvènen?

Ann mete men, ann leve vwa nou ansanm,
Nou se yon sèl pèp, ann chache menm chimen.
"l'union fait la force" se pa sèlman nan papye,
Se nan aksyon vre, n'a ka chanje peyi.
Sispann trayi tèt nou, ann chwazi laverite,
Ayiti se pou nou, pa pou etranje,
Sèlman ansanm n'a ka rebati solèy sa a ki klere.

Nou toujou ap plenyen, men pa janm aji,
Chak moun ap chache ti benefis pa li.
Se konsa peyi a ap tounen nan dezòd,
Trop moun ap jwe jwèt, pèsonn pa respekté lòd.
Si nou t'ap ede youn lòt olye divize,
Nou t'ap deja wè yon lòt reyalite,
Yon nasyon ki kanpe, ki fyè, ki ini.

Peyi pa ka mache lè chak moun ap rale bò pa yo,
Ann sonje se ansanm nou kapab fè li grandi.

Ann mete men, ann leve vwa nou ansanm,
Nou se yon sèl pèp, ann chache menm chimen.
"l'union fait la force" se pa sèlman nan papye,
Se nan aksyon vre, n'a ka chanje peyi.
Sispann trayi tèt nou, ann chwazi laverite,
Ayiti se pou nou, pa pou etranje,
Sèlman ansanm n'a ka rebati solèy sa a ki klere.

Nou bezwen rekonsilye, se pa batay sèlman,
An nou chita pale, jwenn yon solisyon.
Nou pa dwe kite rayisman gide nou,
Nou dwe bati lanmou, pou lespwa viv nan nou.
Nou se pitit Dessalines, se yon gro eritaj,,
Nou dwe sonje moniman sa a chak fwa,
Pou peyi nou ka leve, se nou ki kle a.

Si n'ap mache ansanm, pa gen anyen ki ka kraze nou,
Men si n'ap divize, se toujou n'ap pèdi.

Ann mete men, ann leve vwa nou ansanm,
Nou se yon sèl pèp, ann chache menm chimen.
"l'union fait la force" se pa sèlman nan papye,
Se nan aksyon vre, n'a ka chanje peyi.
Sispann trayi tèt nou, ann chwazi laverite,
Ayiti se pou nou, pa pou etranje,
Sèlman ansanm n'a ka rebati solèy sa a ki klere.

WRITERS

Jean Eveillard Cazeau

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Enjoyment

Sentiment
Thumbsup IconThumbsup Icon
Theme

None