Lakay nou tonbe, gang yo pran toute bagay
Lari yo tounen sèn san ak lapenn
Timoun yo pè, manman yo ap kriye san reté
Yo pa gen lwa, sèlman zam ak vyolans
Pèp Ayiti, anba lwa gang yo
Kè nou ap fann, nou ap kriye nan lannwit
Gang yo pran lari, yo pezé sou doulè nou
Men nou kanpe djanm, pou bèl peyi nou
Machann yo pèdi maché yo nan latérè
Zam yo ap griyen, lavi vin yon kalvè
Jèn yo krazé, rèv yo volé nan main méchan
Peyi a ap kriye, ki kote lespwa kounye a?
Pèp Ayiti, anba lwa gang yo
Kè nou ap fann, nou ap kriyé nan lannwit
Gang yo pran lari, yo pezé sou doulè nou
Men nou kanpe djanm, pou bèl peyi nou
Soleil la kaché, men l ap tounen klere
Nou pral levé tèt nou, n ap reprann tè nou
Ann meté main nansanm, pou n goumen bò koté
Ayiti pral levé, lwa gang yo ap tonbé
Pèp Ayiti, anba lwa gang yo
Kè nou ap fann, nou ap kriyé nan lannwit
Gang yo pran lari, yo pezé sou doulè nou
Men nou kanpe djanm, pou bèl peyi nou
Pèp Ayiti, nou pap janm lagé
Nan mitan malè ak lwa gang yo, n ap reprann bèl peyi nou.