LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Ann Mete Tèt Nou Ansanm

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Si peyi m konsa, se fòt li
Se fòt ou, se fòt pa m tou
Nou tout fè erè, nou fè silans
Nou kite l tonbe nan labou
Men kounye a tan rive
Pou n leve kanpe fò
Nou se rasin, nou se fòs
Nou se lavni ki pou klere

Ann mete tèt nou ansanm
Pou n rebati kay manmann
Ann mete kè nou ansanm
Pou n chassé fènwa, pote limyè
Ayiti cheri, se pou nou
Se nan men nou chanjman an ye
Ann leve, ann rebatil, ann mete men

Nou twò divize, twòp pale
Twòp gade youn lòt ak rayisman
Men solisyon pa nan lari
Se nan lanmou ak inite
Se pa gouvènman sèlman
Se chak pitit ki dwe pran plas
Si chak men pote yon ti wòch
Nou ka leve miray espwa

Ann mete tèt nou ansanm
Pou n rebati kay manmann
Ann mete kè nou ansanm
Pou n chassé fènwa, pote limyè
Ayiti cheri, se pou nou
Se nan men nou chanjman an ye
Ann leve, ann rebatil, ann mete men

Nou gen lanmè, nou gen solèy
Nou gen tè ki ka bay manje
Nou gen listwa, fòs zansèt nou
Ki batay pou libète
Se tan pou n pran konsyans
Se tan pou n sispann gaspiye
Si nou tout kwè nan tèt nou
Nou ka rebati gran peyi

Nou se flanm ki p ap janm etenn
Nou se pye bwa ki p ap janm koupe
Men fòk nou kwè nan fòs nou
Pou demen ka pi bèl pase jodi a

Ann mete tèt nou ansanm
Pou n rebati kay manmann
Ann mete kè nou ansanm
Pou n chassé fènwa, pote limyè
Ayiti cheri, se pou nou
Se nan men nou chanjman an ye
Ann leve, ann rebatil, ann mete men.

WRITERS

Jean Eveillard Cazeau

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Enjoyment

Sentiment
Thumbsup IconThumbsup IconThumbsup Icon
Theme

None