Mwen byen konprann tout sa w te vle
Se pa lanmou ki t enterese w
M ap ba w sèlman sa w t ap chèche
Tout souri yo toujou gen pri
Si se sèvis ou gen pou vann
Poukisa w panse yo dwe w lanmou
Lè enterè pran plas lanmou
Atann ak tout sa k vin sou ou
Se ou ki dwe mete respè sou ou
Si w vin nan relasyon pou lajan
Pa plenyen si w pa jwenn respè
Si w vin nan relasyon pou plezi
Pa plenyen si w pa jwenn lanmou
Si w vin nan relasyon pou papye
Pa plenyen si yo di w fè zonyon
Si w vin nan relasyon pou pwofi
Pa plenyen si yo imilye w
Sa w simen se sa w rekòlte
Ou kite moun ki te renmen w
Pou kouri dèyè sa k gen nan men
Jodi a ou retounen pasajè
K ap chaje kamyonèt Kwa Bosal
Ou te kwè lajan se tout bagay
Ou pa t kwè nan bati ansanm
Se bèl bagay lè w gen yon moun
K ap fè w rejwi tout lavi
Lè enterè pran plas lanmou
Atann ak tout sa k vin sou ou
Se ou ki dwe mete respè sou ou
Si w vin nan relasyon pou lajan
Pa plenyen si w pa jwenn respè
Si w vin nan relasyon pou plezi
Pa plenyen si w pa jwenn lanmou
Si w vin nan relasyon pou papye
Pa plenyen si yo di w fè zonyon
Si w vin nan relasyon pou pwofi
Pa plenyen si yo imilye w
Sa w simen se sa w rekòlte
Si w vin nan relasyon pou lajan
Pa plenyen si w pa jwenn respè
Si w vin nan relasyon pou plezi
Pa plenyen si w pa jwenn lanmou
Si w vin nan relasyon pou papye
Pa plenyen si yo di w fè zonyon
Si w vin nan relasyon pou pwofi
Pa plenyen si yo imilye w
Sa w simen se sa w rekòlte