Li pa chwazi ò dwe gonw rezon jistifikatif
Dèfwaw konn pap panse a anyen men ou depresif
Ou konn anvi konprann men kòm li fiktif
Rezonw konn pa à la hauteur poul fonw travay rektifikatif
Se la konfizyon blayi e tou kreyonw gwo jaden fènwa
Ou pa gen kontwòl anyen pa wè ni anwo ni anba
Mo sa vin tankouw chanson telmanw repetel pourqoui moi? (Yeah)
Dèfwa prefere kow te bleseee (Yeah)
Omwen ou ta konn rezon ki fèw ap soufri e atriste
Dèfwa preferew te tonbeeee (Yeah)
Omwen ou ta konn kot doulè a ye pouw ta konsilte
Nan kiltin depresyon pa al kay doktè
Anpil fwa lèl grav nou bal konotasyon mistik
Mkonn depresyon fè moun vin gwo fimè, tafyatè
Lè sa nou just di moun nan dejwe senp ou mistik
Men se toujou menm kesyon an
Men se toujou menm menm menm menm
Men se toujou menm kesyon an
Men se toujou menm menm menm menm
Gen atak ki fèt nan sibkonsyanw
E menm chanje abitid ou pou tout tan
Lèw depresif ou konn menm pa ka detektel
Gen moun ki nwayel nan alkòl
Gen moun ki pousel nan nuaj
Gen moun ki nwayel nan alkòl
Gen moun ki pousel nan nuaj
Men se toujou menm kesyon an
Men se toujou menm menm menm menm
Men se toujou menm kesyon an
Men se toujou menm menm menm menm