Rele m Numero10 (Farrel_x)
N ap mennen on vye vi (Hm)
Wi n ap mennen on vye vi (Hm, hm)
N ap mennen on vye vi (Hm)
Wi n ap mennen on vye vi (Hm, hm, hm)
Peyi a toutouni epi nan bouda l e pa de tap
Kòman pou n konpran gen zòn ou fè la
Epi pou tou konn ke plas ou se kadejak?
Peyi a fou ou tò, w te mèt gen gwo gwo rezon
W ka dòmi nan lari epi ganster pran kay ou avi
W te mèt gen gwo gwo"maison"
Men fòn mande"kot Leta?" (Ranje kò w)
Chak jou wap konte jou pou pran depa w
M pa wè chanjman edikasyon jenès la ka fè
Si bandi ap antre pran timoun nan lekòl
Pou ret an Ayiti fòw nan James Bond
Gen blòk ou pase timoun ki pi piti a
Olye l ta gon li ou wè l gen gun
Tonnèboule m Ayiti te joure kèk granmoun
Ye, e sa k fè l gen madichon
Jedi a m sezi mwè on bandi trè sadik
Jis pou trip ki koupe tèt on moun
2 tip de moun k ap viv la
Kat V.I.P. an pa ekziste nan peyi sa ankò menm
Epi w wè senatè k leve peyi a epi fese l atè
Pandan yo fè frè nou ap lite pou yo pran
Ap viv nan on shit everyday
Dènyeman e nan vant granm matin l resevwa diplòm li
Men mjwenn nap benyen nan watè n nan
Depi w jèn ayiti wpran kèk minit ap panse ak avni w
Rapid wap wè w mare kon w krab
Pa bliye nou tout pap ka pati
Ansanm pou n di leta pran responsablitel
Sinon n mèt met nan drapo a
N ap mennen on vye vi (Hm)
Wi n ap mennen on vye vi (Hm, hm)
N ap mennen on vye vi (Hm)
Wi n ap mennen on vye vi (Hm, hm, hm)
Anwo ap tire, anba ap tire
Anndan ap tire, deyò ap tire
Agoch ap tire, adwat ap tire
Anwo ap tire, anba ap tire
Anndan ap tire, deyò ap tire
Agoch ap tire, adwat ap tire
Dènyèman on profesè resevwa on bal nan kou
L tap sèvi jeunesse du pays
Pandan lap fè kou anndan lekòl la
Kòman w santi w Monsieur Leta
Lè w wè w pap travay epi wap manje chèk la?
Depi w ayiti premye fòs survivan
W reziyen w abitye a echèk la
Anwo ap tire, anba ap tire
Anndan ap tire, deyò ap tire
Agoch ap tire, adwat ap tire
Anwo ap tire, anba ap tire
Anndan ap tire, deyò ap tire
Agoch ap tire, adwat ap tire
N ap mennen on vye vi (Hm)
Wi n ap mennen on vye vi (Hm, hm)
N ap mennen on vye vi (Hm)
Wi n ap mennen on vye vi (Hm, hm, hm)