M anndan lakay anm vi m menase
Moun ap kouri bal ap chante
Chèchon kote pou w al kache
Menm si w pap an sekirite
Ak on rafal nwit lan kòmanse
Mwen pa pè paske m abitye
Gon tchaka sou tab kap gate (Gate)
Si n pa lage se nou kap wè l
Yo vann peyi a nou tout wè l
Dlo a santi men yo fè n bwè l
Pa pèmèt mande m kòman m ye
E pa di m ou konn jan sa ye
Si w pa viv li ou pa konn anyen non
Chak jou gon lo moun kap bwote
Nou son ti pèp Bondje bliye (Bondje bliye)
Map tann bal pam nan pou m ale
Si l soti, l gendwa pa rantre
Chak semèn nèg yo vin pi pre
On vye malèt, tout sa l ka sove
Manman l mouri, papa l mouri
Ak ti frè l l ap bat pou l siviv
L ap redi pou l ba l yon avni
L pa wè devan, l pa wè dèyè
Men l ap bat dlo pou li fè bè
Tande l tande peyi l nan gè
Men se pèp la kap peye frè
Fè m konnen si w abandone m
Paske se ou m ap ret tann
Hm, hm, hm, hm (Ha, ha, ah, ah)
Hm, hm, hm, hm (tada ah, ah ah)