Lè m wè jan n plen pwoblèm
Bay peyi m nan yon chans, bay peyi m nan yon chans
Bay peyi m nan yon chans, bay peyi m nan yon chans
Bay peyi m nan yon chans, bay peyi m nan yon chans
Bay peyi m nan yon chans, bay peyi m nan yon chans
Ayiti se pou mwen, se pou ou
Non okenn lòt nasyon pap vin pote n sekou
Wi lakay se lakay e l pap janm lot kote
Men domaj nan pwòp kay nou n ap mete dife (hm, hm)
Nou gen pwoblèm ak leta men se frè nou n ape touye
Nèg la rann trip li travay, men sou fwi l nou vle krache
Ti peyi l l anvi chanje nou pa vle bali pase
Poun sove vi n, n oblije pati
Bay peyi m nan yon chans, bay peyi m nan yon chans
Bay peyi m nan yon chans, bay peyi m nan yon chans
Bay peyi m nan yon chans, bay peyi m nan yon chans
Bay peyi m nan yon chans, ba-ba-bay peyi m nan yon chans
Tande ti pep la k ap mande n yon chans (anmwey)
Nou fèmen je n, nou fè komsi n pa konprann (anmwey)
Manman pitit yo pa kapab ankò (anmwey)
Men non yo pa kapab ankò (anmwey)
Na va wè peyi n nan enpotan?
Linyon fè lafòs, met tèt n ansanm
Ya va mande n kote nou soti?
Na va fyè pou n di n sot Ayiti cheri?
Ayiti se mwen, Ayiti se ou
Ayiti se mwen, Ayiti se nou
Pwoblèm nou youn ta dwe pwoblèm nou tout
Se men nan men pou nou chwazi fè wout
Ayiti se mwen, Ayiti se ou
Ayiti se mwen, Ayiti se nou
Fyète nou youn se fyète nou tout
An nou bati peyi n pèson yo pap fèl pou nou