Jèn yo pa konn Peyi m lè Nwèl
Jodi a fènwa pa bay chans
Chanmas dezè pa gen anbyans
Timoun nan tout vil tout katye
Ap mande ban n yon Nwèl antye
Souvni nou ap chèche rezon
Pouki fèt Nwèl chanje sezon
Twòp timoun ap kriye Otan
Yon trèv fè zam yo fè silans
Pou fèt yo retounen gen sans
Fè yon trèv pou santan lapè
Grandèt yo gen nostalji fèt
Jan youn te konn bay lòt jarèt
Lannwit te tankou lajounen
Granmoun timoun ap pwomennen
Tout moun di Nou pran nan twa wa
Silans nou di Nou tout antò
Lespwa nan timoun plis ke lò
Fè yon trèv depoze zam yo
Twòp timoun ap kriye Otan
Yon trèv fè zam yo fè silans
Pou fèt yo retounen gen sans
Fè yon trèv pou santan lapè
Ann fè yon pak pou san lane
Twòp timoun ap kriye Otan
Yon trèv fè zam yo fè silans
Pou fèt yo retounen gen sans
Fè yon trèv pou santan lapè